Articles on: Rewards

Ansanm de gwo chanjman sou sistèm lan

Nou gen anpil gwo chanjman ke nap fè semènn sa ki ka enpakte anpil bagay nan sistèm lan



Ekip lan fè anpil tan depi nap teste ansanm de chanjman sa yo

Men nou te vle sur ke nou mete'w okouran de chanjman sa yo

Men ansanm de chanjman kap genyen sou sistèm lan
MasterCard (1XBet, Crypto, Western Union, Xoom, Trading)
GiftCard (Ebay, Netflix, Amazon, Crypto)
MarketPlace (Stores, Products, Collection, Design)
PG Pay (WordPress & Shopify)
Identity Verification Enhancement
Sign Up Onboarding Flow
Reseller (GiftCard, Topup)
Crypto Deposit
Etc

Men yon ansanm de kesyon e repons pou'w ka konprann ansanm de chanjman sa yo

1- Mwen wè'm pa ka sign up, kisa ki fè sa?
- Ou ta sipoze kapab kreye yon kont san pwoblèm

2- Eske mwen ka fè tranzaksyon kounye an?
- Ansanm de chanjman sa yo enpakte tranzaksyon, wap ka kreye yon kat gift card pou'w kontinye fè tranzaksyon sou li anatandan ke nou rezime tranzaksyon konplè sou sistèm lan

3- Konbyen kòb ke mwen ka mete sou kat GiftCard sa?
- Ou ka senpleman mete $5 usd jiska $1000 usds sou li, si'w bezwen depanse plus, ou ka pran gift card mastercard ki pran minimum $1000 usd jiska $5000 usd sou li

4- E sim vle depanse plus ke $5000 usd sou Amazon, oswa sou Ebay, koman map fè sa?
- Wap bezwen pran 2 kat mastercard ki evalye avek montan an

5- Ki tip de GiftCard ke nap bay menm pandan map tann tranzaksyon rezime konplè sou sistèm lan?
- Men ansanm de tip de GiftCard ke nap bay pandan wap tann tranzaksyon rezime konplè sou sistèm lan
Prepaid Visa
Prepaid MasterCard
Uber
Uber Eats
Crypto
NetFlix
Amazon
Ebay
Binance

6- Eske mwen pa ka retire kòb ke mwen genyen sou sistèm lan epi voye'l sou Mon Cash, NatCash, oswa bank mwen an Haiti?
- Yes ou ka fè sa san pwoblem. Ale nan pati ki make Withdraw an epi wap ka fè sa san pwoblèm

7- Kilè ke tranzaksyon yo ap rezoud sou sistèm lan menm?
- Une fwa ke li rezoud, nap mete'w okouran

8- Mwen son ajan, eske mwen ka kreye kat pou moun kounye an?
- Wap ka kreye kat Gift Card pou nenpòt moun ke'w vle. Une fwa ke nou finalize integration MasterCard lan, nap fe'w konnen

9- Eske map ka lanse yon magazen en ligne apre ansanm de chanjman sa yo
- Yes, wap ka vann ni sou Wordpress oswa Shopify san pwoblem

10- Eske fonksyonalite Payme an afekte
- Non, ou ka resevwa Payment nan men nenpot moun ke'w vle

11- Kilè gwo chanjman sa yo ap fini pou'n ka kòmanse itilize kat mwen an?
- Malerezman nou pa konn ki dat, men nap mete'w okouran chak semènn. Li ka pran kelke jou konsa tou li ka pran yon semènn. Men nap mete'w okouran

12- E si'm te gentan genyen kat Visa an deja, eske map ka chanje'l avek kat MasterCard lan?
- Yes wap ka fè sa san pwoblèm

13- Eske nap oblije peye yon lòt $8 usd pou kat Mastercard lan?
- Si'w pat genyen kat Visa an, wap bezwen $8 usd an. Men si'w te gentan genyen kat Visa an, wap senpleman peye $2.5 usd pou'w ka chanje'l pou ou

14- Ki avantaj ki genyen nan kat MasterCard lan?
- Wap ka peye tout kote sa yo 1Xbet, Crypto, Trading, Binance, Western Union, Xoom, etc ansanm ave'l

15- E sim te gentan genyen yon kat fizik deja, eske map bezwen peye pou'm chanje'l?
- Nap vini ansanm avek pwosesis pou sa, nap mete'w okouran desa

16- Eske Giftcard lan gratis?
- Non, men pri gift card lan
$10 => $2.5 usd
$11 - $60 usd => $3.5 usd
$61 - X => 6%

17- Eske map ka bay nenpòt yon Gift Card tou menm si mwen pa yon ajan?
- Yes wap ka fè sa. Okontrè nenpòt moun ap ka achte yon Gift Card san ke yo pa sou sistèm lan?

18- Mwen fè yon user sign up, men yo pa mande'l verifye idantite non?
- Pou kounye an fonksyonalite verification idantite dezaktive, men depi chanjman sa yo fini, nap tounen ansanm ave'l

19- Eske si'm te verifye deja, map bezwen reverifye ankò?
- Non, ou pap bezwen verifye ankò depi'w te gentan verifye deja?

20- E sim te kreye yon kat prepaid pou yon moun, eske map ka chanje'l an kat Gift Card pou li?
- Yes wap ka fè sa san pwoblèm sou sistèm lan

21- Eske map ka booster Page Facebook ansanm avek kat Gift Card Visa oswa Mastercard pandan map tann transactions rezime global sou sistèm lan?
- Malerezman non, ou ka gade yon list de kote ke Gift Card lan pa pase sou lyen sa

Updated on: 10/02/2023

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!