Fason pou'w wè nimewo kat lan
Mwen pral moutre'w fason ou kapab wè ansanm de information kat lan
Pou'w kapab wè nimewo kat lan
Wap bezwen kreye yon PIN
Yon PIN, se yon 6 chif ke ou konbine kote se sel ou menm ki konn 6 nimewo sa
Menm fondatè ki bati platform lan pa konn code sa
Une fwa ke'w finn kreye'l, Ou pa ka modifye'l oswa chanje'l, Li enpotan pou'w sur ke'w sonje'l
Wap bezwen ale nan pati ki make Setting
Le'w rive la
Wap klike sou kote ki make Create your one time PIN

Wap bezwen mete chif 6 PINs ou an
Li enpotan pou'w sonje'l paske pa gen lot moun ki konnen'l ke ou
Une fwa ke'w mete'l
Wap klike sou Create your PIN

Ou ta sipoze we yon ekran konsa ki moutre'w ke li kreye
Nap raple'w ou pa ka wè PIN lan oswa chanje'l, oswa modifye'l lè'w finn kreye'l

Kounye an ou pral bezwen ale nan pati Dashboard ou
Le'w rive nan pati dashboard lan
Wap we yon ti zye nan kat lan
Wap bezwen klike sou li

Une fwa ke ou klike sou li
Li pral mande'w PIN ou te mete an
Wap mete PIN lan
Epi wap klike sou kote ki make Submit your PIN

Si tout bagay pase an byen
Ou ta sipoze ka we tout information de kat ou an
Ou ka itilize'l pou'w achte en ligne epi wap wè transaction yo la

FAQS
Malgre mwen eseye tout sa yo, mwen pa menm wè tizye an menm?
- Yes, depi gen pwoblem teknik sou sistem lan, ou pap wè opsyon ti zye an menm
Mwen wè tizye an men lèm mete kat lan, anyen pa parèt?
- Nan ka sa, il resanb ke ou mete kat fizik ou an antanke primary. Ou pa ka wè nimewo kat fizik lan sou dashboard ou
Updated on: 19/12/2022
Thank you!