Articles on: Rewards

Men fason pou'w kreye yon ticket

Nou pral moutre'w fason ou kapab kreye yon ticket pou ekip teknik lan ka ede'w



Si tout fwa ou gen yon pwoblem teknik, li enpotan pou'w kreye yon ticket pou ekip teknik lan ka ede'w ansanm avek pwoblem ou an

Pou'w kapab kreye yon ticket, wap bezwen ale kote ki make Ticket
Le'w rive la, wap bezwen ranpli ansanm de information sa yo
Issue Type
Description

Epi le'w fini, wap klike sou kote ki make Submit Ticket lan


Sa pral depann de ki tip de ticket ke wap ranpli an, li ka mande'w plus information
Li enpotan pou'w mete tout information ke sistem lan mande'w lan pou'w ka ede'w avek ticket an

Le'w finn klike sou bouton an, sistem ap ba'w yon rezime de konbyen tan sa ka pran
Tout ticket ke'w kreye ka pran anviwon 24-48 heure de tan
Li enpotan le'w finn kreye ticket pou'w tann ke yon teknisyen antre an kontak ansanm ave'w



Si tout bagay ale byen
Ou ta sipoze jwenn yon notification konsa



Konsa tou ou ta sipoze jwenn yon email avek lyen ticket an
Li enpotan pou'w kenbe lyen sa pou si tout fwa yo ta mande'w lan

Apre 24 heure de tan, nou konseye'w tcheke email ou wap jwenn yon update de ticket
Ou ta sipoze jwenn li de Asana ki se platform ke nou itilize pou'n ka jere tout ticket ke'nn jwenn sou sistem lan

Updated on: 14/12/2022

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!