Articles on: Rewards

Program Shein, Amazon, Uber, AliExpress, e Alibaba

Nan atik sa mwen pral moutre'w fason ou kapab itilize pwogram Amazon, Shein, Uber, AliExpress epi Alibaba





Kisa pwogram sa yo ye?

Ebyen pwogram sa yo se fason ou kapab achte sou Shein, Amazon, AliExpress, Alibaba epi peye Uber san ke ou pa gen kat de kredi

Yes, menm lè ou te an Haiti oswa an repiblik dominikèn wap ka peye platfòm sa yo san ke ou pa gen kat de kredi

Wap senpleman peye yo ansanm avèk kont PGecom ou an

Pou'w kapab peye yo
Wap bezwen kreye yon kont sou platfòm PGecom lan
Ou ka ale sou lyen sa epi wap ka kreye yon kont
👉 https://app.pgecom.com/signup

Une fwa ke'w finn kreye kont lan
Pou'w itilize pwogram sa yo
Senpleman gen 2 etap
Antre nan pwogram lan
Soumèt achat ou

Ann pase nan premye etap lan ki se antre nan pwogram lan
Pou'w kapab antre nan pwogram lan
Fok ou gen yon kont sou platform ke ou vle antre
Pa examp, si'w vle antre nan pwogram Uber an
Fok ou deja gen yon kont sou Uber an

Une fwa ke'w finn gen kont lan
Wap bezwen ale nan settings sou sistem lan
Wap klike kote ki make Integrations an

Le'w rive nan pati sa,
Wap chwazi nan pwogram ke'w vle antre an
Epi wap senpleman klike sou bouton ki make Connect lan



Lè'w fini
Sistèm lan ap mande'w ansanm de information sa yo
Email
Password

Se enfòmasyon ke'w itilize pou'w login sou platfòm ke wap anrejistre an
Pa examp, si'w ap antre nan pwogram Shein lan
Wap bezwen mete email ke'w genyen sou Shein lan
Epi mot de pass ke'w genyen sou Shein lan
Ou pa bezwen enkyete'w de password lan
Paske sistèm lan encrypted password lan pou ou
Sa vle di menm lè yo ta anake oswa pirate sistèm nou an
Yo pap ka dekòde password ou an

Le'w finn mete enfomasyon yo
Klike sou kote ki make Connect lan



Si tout bagay fèt byen
Ou ta sipoze jwenn yon email ki konfime ke integration an fèt
Eseye verifye email ou
Oswa verifye ke status an chanje sou bouton



Une fwa ke'w fini etap sa
Nou pral pase nan dezyem lan ki se soumèt achat an

Une fwa ke'w finn antre nan pwogram lan
Lè wap achte, wap bezwen soumèt achat an
Wap senpleman bezwen fè etap si'w ap itilize pwogram sa yo
Shein
AliExpress
Alibaba
Amazon

Men si se Uber ke wap peye
Ou pa bezwen soumèt achat an

Konsa tou, si'w ap achte sou Amazon
Ou pa bezwen soumèt achat
Aprè 24 heure de tan, achat ou an ap apwouve
Men si'w pa ka tann, ou ka soumèt achat an

Pou'w kapab soumèt achat an
Wap bezwen ale nan pati ki make Shop lan
Wap wè lis pwogram liste an antanke Ecommerce Program
Klike sou bouton ki make Shop Now lan



Answit sistem lan ap mande'w ansanm de enfomasyon sa yo
Purchase Type - ki tip de achat ke wap fè
Amount - kantite kòb ke wap achat an
Note - kite yon nòt pou sistèm lan

Lè'w finn ranpli ansanm de detay sa yo
Wap senpleman klike sou kote ki make Submit Purchase lan



Epi ou fini wi
Kounye an ou met tann
Nan mwens ke 24 heure de tan sistèm lan ap pase kòmand ou an

FAQs
1- Mwen ale nan settings > integrations, mwen pa wè opsyon sa yo non, kisa pou'm fè?
Opsyon sa disponib pou moun ki te gen kat deja sou sistèm lan
Si'w pat ko te gen kat deja, wap senpleman ekri nou
Epi nap ka ede'w aplike pou pwogram sa yo

2- Eske'w gen yon frè pou'm aplike pou pwogram sa yo?
Yes, gen yon frè $25 usd si'w apwouve pou pwogram sa
Men si'w te deja genyen kat lan deja, ou pap peye yon goud pou sa
Li konpleteman gratis pou moun ki te gen kat lan deja

3- Eske se nou menm kap ajoute pwodwi yo nan panye pou mwen?
Non, se ou menm kap ajoute pwodwi ke'w vle
Epi lè'w prè, ou soumèt achat nan sistèm lan
Epi sistèm lan ap peye ansanm avèk kont ou pou ou

4- Eske mwen ka achte sou Alibaba ansanm avèk pwogram sa?
Yes, ou ka achte sou ansanm de kote sa yo ansanm avèk pwogram sa
Shein
Alibaba
Amazon
AliExpress
Uber

5- Eske gen yon frè lè map achte sou Alibaba, AliExpress, Shein?
Yes, ou ka gade list de frè nou yo sou lyen sa
👉 https://help.pgecom.com/ht/article/fees-1irhphn/

6- Konbyen tan ke li pran avan ke mwen antre nan pwogram lan
Pou amazon oswa Uber an, li pran anviwon 24 heure de tan avan ke'w jwenn invitation an nan email ou
Men si Shein, Amazon, AliExpress, Alibaba, se menm kote an
Menm kote ou konekte kont ou an
Ou ka kòmanse ajoute pwodwi nan panye epi ou soumèt achat an

Updated on: 07/09/2023

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!