Articles on: Rewards

Pwoblèm Tranzaksyon

Nan aktik sa nou pral pataje ansanm avè'w yon list de rezon ki fè kat ou an pa pase





1- Gen 2 platfòm ki mande fok adress livraizon lan menm jan avèk addrès facture kat lan. Sa vle di si'w ap achte yon pwodwi epi adrès kote wap voye pwodwi an diferan avèk sa ki sou kat lan, ou ka gen pwoblèm ansanm avèk kat lan
- Ex: Trading Platform, Amazon, TLC, Ebay, etc

2- Le fè ke kat lan se yon kat international, gen kek lot platfòm ki verifye nan ki peyi ke'w ye pou yo ka konfime ke se pou ou kat lan ye, sa vle di si'w an Haiti ou ka bezwen yon VPN tankou VeePN oswa AdGuard VPN pou'w itilize platform sa yo
- Ex: Netflix, Google Ads

3- Lè'w ap eseye fè tranzaksyon, toujou verify ke kat lan aktive
- Ex: Anpil moun dezaktive kat yo epi yo bliye reaktive'l

4- Byen mete information ki sou kat lan
Ex:
Non
Nimewo kat lan
Adrès
Code Postal lan
Peyi

5- Si kat lan echwe plis ke 4 fwa, wap bezwen tann 24 heure de tan avan ke ou ka itilize kat lan ankò, pou mezi de sekirite gen anpil platform ki fè sa
- Ex: Shein, PG Rewards

6- Fok ou gen balans sou kont pou'w kapab itilize kat lan
- Yes si'w pa gen balans sou kont ou, ou pap ka itilize kat lan

7- Eske'w depase limit tranzaksyon pandan jounen an, kat lan gen yon limit $500 usd pa jou ke'w ka depanse, si'w vle elaji'l. Kontakte nou.
- Yes se yon mezi de pwoteksyon ke'l ye

Updated on: 14/12/2022

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!