> ## Knowledge Base Index
> Fetch the complete knowledge base index at: https://help.pgecom.com/sitemap.xml
> Use this file to discover available pages before exploring further.
> Pure-Markdown content can be obtained by appending a '.md' suffix to the content URLs listed in the sitemap (without the trailing slash).

# Ranplase kat ou an

Nan atik sa nou pral moutre'w fason ou kapab ranplase kat ou an

Wap bezwen ale nan pati kat Vityèl lan
Chwazi kat ki ke'w vle ranplase an lan
Epi klike sou bouton ki make **Replace** lan

![](https://storage.crisp.chat/users/helpdesk/website/-/e/7/9/9/e799cb1817153800/screenshot-2025-06-30-at-94510_onjfes.png)


Sistem lan ap ba'w yon rezime

|| Note byen si se premye fwa ke wap ranplase kat sa 
|| Li gratis, men si se dezyèm fwa, sistèm lan ap chaje'w yon frè pou sa


Wap jwenn yon bouton anba kat lan
Ki make Ranplase
Wap bezwen klike sou li

![](https://storage.crisp.chat/users/helpdesk/website/-/e/7/9/9/e799cb1817153800/screenshot-2025-06-30-at-94530_xab23o.png)

Wap revize ansanm de done yo
Epi wap klike sou bouton ki make Ranplase an

![](https://storage.crisp.chat/users/helpdesk/website/-/e/7/9/9/e799cb1817153800/screenshot-2025-06-30-at-94645_1pkfzej.png)






**FAQs**
**1- Eske li gratis pou'w ranplase kat lan?**
Li gratis pou'w raplanse kat lan si se yon sèl kat ke'w te genyen
Si'w te gen 2 kat, sistèm lan ap chaje'w $5 usd pou sa

**2- Konbyen tan li pran avan ke mwen jwenn nouvo kat lan?**
Pwosesis sa ka pran anviwon 1 jou ouvrab, ki donk Week End pa kontwole

**3- Poukisa bank lan cancel kat lan menm?**
Depi'w fè plus ke 3 tranzaksyon ki echwe okòz ou pa gen fon sou kat lan
Ebyen bank lan ap cancel kat lan otomatik
Kidonk, fok ou verifye ke'w gen kob sou kat lan avan ke'w eseye fè tranzaksyon

**4- Mwenn finn jwenn nouvo ranplasman an, map itilize'l, li pa vle pase, kisa ki fè sa?**
Sonje update ansyen enfomasyon kat ke'w te konn itilize an pou'w mete nouvo enfomasyon kat lan
Nouvo kat lan genyen yon nimewo ki diferan avek ansyen an

