Articles on: Rewards

Rechaje balans ou ansanm avèk kat de kredi

Nan aktik sa mwen pral moutre'w fason ou kapab rechaje balans ou ansanm avèk kat de kredi



Pou'n kapab pwoteje sistèm lan
Gen yon etap adisyonèl ke wap bezwen fè pou'w kapab jwenn aksè rechaje balans ou ansanm avèk kat de kredi

Si kat lan pa pou ou
Ou pap ka rechaje balans ou ansanm avèk kat de kredi

Wap bezwen ale nan pati ki make Wallet lan
Answit wap klike sou bouton ki make Request Access lan

Request Access to Credit Card

Sistem lan ap mennen'w kote ou kapab soumèt foto kat lan
Wap bezwen ranpli ansanm information sa yo
Non'w
Email ou ke'w genyen sou sistem lan
Foto kat lan

Li enpotan ke'w kache nimewo kat lan

Nou senpleman bezwen wè non'w ansanm avèk 4 dènye chif ke'w genyen sou kat lan

Card Verification Form

Une fwa ke'w finn fè sa
Nan mwens ke 24 heure de tan ou ta sipoze jwenn yon email ki fè'w konnen si nou apwouve'w oswa decline ou

Si tout fwa ou pa jwenn email lan
Ou met ekri nou, nap ka verifye sa pou ou

Le'w finn apwouve
Wap bezwen tounen nan kote ki make Wallet lan ankò
Wap mete montan ke'w vle rechaje balans ou ansanm avè'l
Epi chwazi opsyon ki make Debit/Credit Card
Epi wap klike sou kote ki make Pay now

Pay with Credit Card

Sistem ap ba'w mwayen pou'w revize frè an
Une fwa ke'w finn revize frè an
Wap senpleman klike sou kote ki make Agree an

Accept Credit Card Fees Modal

Le'w rive nan pwochenn pati an
Wap bezwen antre ansanm de information sa yo
Card Number (Nimewo kat lan)
Valid Till (Dat expiration an)
CVV
Phone Number
Email

Epi wap klike sou bouton ki make Pay lan

Enter Credit Card Information

Answit sistem lan nan yon lot paj
Wap senpleman klike sou bouton ki make Proceed lan

Proceed to pay with Credit Card

Si tout bagay pase byen
Ou ta sipoze wè ekran sa devan'w
Wap senpleman tounen nan Dashboard ou
Tout depo ke'w fè pran 24 heure de tan avan ke nou process li
Sa vle di ou mete tann epi sistem lan ap mete kob lan sou kont ou pou ou
Si tout fwa sa pa fèt
Ekri nou epi nap ka verifye sa pou ou

Credit Card Payment Successful

FAQs
1- Eske mwen ka rechaje ansanm avèk yon kat yon lòt moun?
- Malerezman non, moun lan ap bezwen enskri sou sistèm lan epi lap rechaje balans li

2- Eske fanmi'm ka peye'm avek kat de kredi?
- Si'w gen business lan ki anrejistre nan USA, yes wap ka fè sa

3- Konbyen tan li pran avan kòb ke mwen mete pa kat kredi an disponib sou platfòm lan?
- Li pran 24 heure de tan avan ke fon sa disponib sou sistèm lan

4- Mwen mete yon kob epi gen plus ke 24 heure de tan, mwen poko jwenn li, kisa pou'm fè?
- Ou mèt ekri nou epi nap ka ede'w ansanm avèk pwoblem sa.

5- Eske si mwen gen yon rès kòb sou kat Visa Prepeye an, eske mwen ka mete'l sou sistèm lan nan mwayen sa?
- Yes ou ka fè sa

Updated on: 12/05/2023

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!