> ## Knowledge Base Index
> Fetch the complete knowledge base index at: https://help.pgecom.com/sitemap.xml
> Use this file to discover available pages before exploring further.
> Pure-Markdown content can be obtained by appending a '.md' suffix to the content URLs listed in the sitemap (without the trailing slash).

# Redeem Kat Visa Business lan

# 🎁 Kijan Pou Redeem Card Credit pou Kreye Yon Nouvo Kat (Sudo Visa / MasterCard)

Si ou gen yon **Visa Business Card**, ou ka itilize card credit la pou kreye yon nouvo kat (Sudo Visa oswa Sudo MasterCard).

Swiv etap sa yo:



## 📌 Etap 1: Ale nan Virtual Card

1️⃣ Ale nan meni bò gòch la  
2️⃣ Klike sou **Virtual Card**

![List of cards](https://storage.crisp.chat/users/helpdesk/website/-/e/7/9/9/e799cb1817153800/screenshot-2026-03-01-at-12362_16vfkys.png)




## 📌 Etap 2: Chwazi Visa Business Card la

3️⃣ Chwazi **Visa Business Card**
4️⃣ Sou paj detay kat la, w ap wè bouton **"Redeem Card Credit"**  
5️⃣ Klike sou bouton an pou redeem credit la

![Redeem Card Credit](https://storage.crisp.chat/users/helpdesk/website/-/e/7/9/9/e799cb1817153800/screenshot-2026-03-01-at-12123_19zzzf0.png)




## 📌 Etap 3: Kreye Nouvo Kat la

6️⃣ Apre ou fin redeem credit la, retounen nan meni an  
7️⃣ Klike ankò sou **Virtual Card**  
8️⃣ Klike pou **kreye yon nouvo kat**  
9️⃣ Chwazi Sudo Visa oswa Sudo MasterCard  
🔟 Itilize card credit ou pou kreye nouvo kat la

![New Card Creation](https://storage.crisp.chat/users/helpdesk/website/-/e/7/9/9/e799cb1817153800/newcard_2fwt0e.png)




# ⚠️ Bagay Enpòtan Pou Konnen

❗ **Yon fwa ou redeem card credit la, ou pap ka itilize Visa Business Card la ankò.**

Li pap aksesib apre ou fin redeem li.



## 💰 Si'w Te Gen Lajan Sou Visa Business la

Si ou te gen lajan sou Visa Business Card la

📩 Tanpri kontakte sipò kliyan nou an.  
Nou ka ede w trete sa pou ou.



# 💡 Konsèy

Anvan ou redeem credit la:
✅ Asire w ou pare pou kreye nouvo kat la  

Si ou gen kestyon, kontakte sipò avan ou fè redeem lan.

Nou la pou ede w.