Articles on: Crypto

Depoze Crypto otomatik sou pgecom epi retire'l pa MonCash, NatCash

Men fason pou'w depoze crypto otomatik epi retire'l pa MonCash, NatCash, Bank an Haiti, oswa nenpòt lòt fason ou bezwen'l


Pou'w kapab fè sa

Wap bezwen gen yon kont sou platfòm pgecom lan

Si'w poko genyen yon kont sou li

Wap bezwen ale sou lyen sa https://app.pgecom.com/signup


Lè'w rive sou li

Wap klike sou kote ki make Wallet epi wap chwazi opsyon Crypto an

Pran pati ki make USDT Trc20 nan list Payment Method lan

Epi mete kantite ke wap voye an





Lè'w finn fè sa

Wap jwenn wallet kote ke wap voye Crypto an ale

Note byen se crypto USDT sou network TRC20 pou'w voye sou li

Une fwa ke'w finn voye'l

Wap senpleman tann, epi fon an ap tou moute sou konte pgecom ou




Note byen si'w pa voye coin usdt sou network trc20 oswa ou ta kite kantite tan an rive, ou pa gentan'l, malerezman fon sa ap pèdi, nou pap ka ede'w repikire'l. Epi adrès wallet lan chanje sou chak tranzaksyon



Une fwa ke kòb lan finn moute sou kont pgecom ou an

Ou ka retire'l nan nenpot fason ke'w vle




FAQs

1- E si kantite tan ke mwen wè an expire, kisa pou'm fè?

Wap senpleman fèmen fenèt lan, epi klike sou kote ki make Pay Now an


2- Mwen fè yon erè nan adrès lan e mwen gentan voye kòb lan, eske'w nou pa ka ede'm rejwenn kob sa?

Akòz crypto monè se yon industry ki pa yon bank ki gouvène'l, pa gen okenn kote ke nou ka kontakte pou'n ka ede'w rejwenn kob lan


3- Eske mwen ka voye kòb lan menm si kantite tan mwen wè an ta gentan fini?

Non, depi kantite an preske fini oswa fini, pa voye'l

Fòk ou planifye'l pou'w voye'l nan kantite tan sinon nou pap ka ede'w rekipire'l


4- Ki maximum kob mwen ka voye sou li

Ou ka voye nenpot ke'w vle sou li, pa gen limit de kantite ke'w ka resevwa depi ou voye'l avan kantite tan an


5- Eske mwen ka itilize menm adrès ke mwen te itilize avan an?

Non, adrès lan chanje sou chak tranzaksyon

Toujou klike sou kote ki make Pay Now pou yo ka ba'w yon nouvo adrès


Updated on: 23/08/2024

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!