Fason pou'w rechaje MasterCard lan
Nan aktik sa mwen pral moutre'w fason ou kapab rechaje MasterCard lan
Pou'w kapab rechaje MasterCard lan
Wap bezwen ale nan pati Dashboard ou
Epi wap klike sou bouton ki make Add lan

Answit sistem lan pral mande'w pou'w konfime ansanm de enfòmasyon sa yo
- Montan
- Frè Livrezon an
- Frè rechaj lan
- Kantite kob lan
Epi wap klike sou bouton ki make Add Funds

Sistem lan ap ba'w mwayen pou'w revize ansanm de done
Verifye ke tout bagay kòrèk epi klike sou Add Funds pou'w ka finalize pwosesis lan

Une fwa ke'w finn itilize youn nan fason sa yo pou'w rechaje balans ou, wap ka mete kòb lan sou MasterCard
Wap senpleman ale nan Dashboard ou
Wap mete mete kantite kòb ke wap mete
Epi answit wap klike sou kote ki make Add funds
Epi une fwa ou finn konfime ansanm de enfòmasyon sa yo
Wap klike sou kote ki make Confirm lan

FAQs
1- Konbyen tan li pran avan ke mwen jwenn fon sa sou MasterCard?
Sa pral depann de kantite tan ke'w te pran nan opsyon livrezon an
Se kantite tan sa ke lap pran
Men ansanm de opsyon ki genyen yo
- Standard - 5 jou ouvrab
- Regular - 3 jou ouvrab
- Express - 2 jou ouvrab
- Urgent - 1 jou ouvrab
- Instant - 2 minutes (Sou demand avèk security deposit)
Note byen ke jou sa yo, se jou ouvrab, sa vle di week end pa ladan'l
Konsa tou ka gen reta nan depo yo
2- Eske nenpot moun ka kreye kat MasterCard lan?
Yes, depi moun lan pase etap verification idantite an epi pati AML (Anti Money Laundering)
Li kapab kreye kat MasterCard lan
3- Si mwen voye yon kòb sou MasterCard lan, eske mwen ka fè nou tounen'l ba mwen ankò?
Yes ou ka tounen'l back sou kont ou an, wap senpleman ale nan pati retrè an ki anba kat lan
Epi wap senpleman swiv rès pwosesis yo
4- Mwen bliye addrès ke mwen te mete sou MasterCard lan, kisa nou ka fè pou mwen?
Wap jwenn adrès ki sou kat lan afiche nan Dashboard ou, anba enfòmasyon kat lan
5- Mwen mete yon kob sou MasterCard, mwen poko jwenn li, kisa pou'm fè?
Nap raple'w li depann de opsyon livrezon ke'w te pran an
Si tout fwa ou ta remake gen reta
Ou ka ekri nou, epi nap ka ede'w
6- Mwen te mete yon nimewo telf sou MasterCard lan, mwen ta renmen chanje'l, kisa pou'm fè?
Malerezman nimewo telf ki sou MasterCard lan pa ka chanje
Si'w pèdi nimewo an, nou konseye'w al rekipirel
Si'w pa ka rekipire'l, nan ka sa, wap bezwen kreye yon nouvo kat MasterCard
7- Pou konbyen tan ke MasterCard lan la?
MasterCard lan gen yon dire 3 ans sou li
Sa vle di wap ka itilize kat lan jiskaske 3 ans an rive
8- Ki kote ke mwen ka achte ansanm avek kat MasterCard lan?
Ou ka itilize kat lan tout kote ke yo asepte MasterCard/Visa
Men kèk kote ki trè popilè
✅ Shein
✅ Amazon
✅ Temu
✅ AliExpress
✅ Alibaba
✅ PayPal
✅ Etc
9- Eske pa gen mwayen ke mwen ka jwenn opsyon pou'm peye mwens frè?
Yes, wap bezwen gen aksè ansanm avèk instant, kote menm kote ou mete kòb lan sou kat lan
Lap tou disponib sou li, opsyon mande fok ou gen yon security deposit ki evalye $1.5k usd pou'w gen aksè ansanm avèk opsyon
Security Deposit lan se yon kòb ke'w genyen ki rezève pou'w gen aksè ansanm avèk opsyon instant an
Wap ka rechaje kat sa yo pi ba pri.
Updated on: 05/03/2026
Thank you!
