Articles on: Affiliate Marketing

Eksplikasyon sou Komisyon Afilye yo

Nou pataje 10% sou frè ke moun lan peye sou pgecom


Sa vle di si moun ou envite an fè yon tranzaksyon $100 usd epi li peye $3 usd antanke frè

Nou pataje 10% nan $3 sa ansanm avè'w


Men list de tranzaksyon ki asepte pou kounye an ki fè pati de komisyon an

  • ✅ Kreyasyon Kat Vituel
  • ✅ Depo sou kat MasterCard
  • ✅ Rechaj Minit International
  • ✅ Kat Kado (Amazon, Free Fire, Netflix, Ebay, Apple, Binance, Uber, etc)
  • ✅ Plan Peyan pou pati magazen en ligne (Medium, Premium)



Wap jwenn komisyon sou tip de tranzaksyon sa yo sou moun ke'w envite an pandan 365 jou ke moun lan ap fè ap itilize sistèm pgecom lan

Sa vle di, tout otan ke moun lan ap fè tranzaksyon, wap jwenn komisyon sou frè ke li peye


Chak tranzaksyon ki fèt ki fè pati de lis ke nou mete an

Komisyon an ap moute nan balans Pending Payout ou otomatik


Epi chak Vandredi, sistèm lan ap voye'l nan balans afilye prensipal ou kote ou ka retirel



FAQs

1- Eske mwen ka retire kòb sa pa MonCash oswa NatCash?

Yes, une fwa ke komisyon an rive nan $50 usd

Ou ka voye'l sou balans pgecom ou an epi answit ou voye'l pa MonCash oswa NatCash


2- Eske pa gen lòt mwayen ke mwen ka retire komisyon mwen an?

Yes, lè'w finn voye komisyon an sou balans pgecom ou an

Ou ka retire'l pa nenpòt nan mwayen sa yo

  • MonCash
  • NatCash
  • Sogebank
  • Zelle
  • CashApp
  • Western Union
  • Wise
  • PayPal
  • Etc


3- Eske si mwen gen $20 usd, mwen ka retire'l?

Malerezman minimum ke'w ka retire an se $50 usd

Nan ka sa, nou konseye'w tann li rive $50 usd epi wap ka retire'l




Updated on: 29/10/2024

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!