Articles on: Affiliate Marketing

Vin yon Patnè Afilye nan 3 Etap Fasil

Nan atik sa mwen pral moutre'w fason ou kapab devni yon affiliate sou PGecom nan 3 etap trè fasil


Step 1

Wap bezwen genyen yon kont sou platfòm pgecom lan

Si'w poko genyen, ou ka ale sou lyen sa pou'w kreye yon kont

👉 https://app.pgecom.com/signup

Une fwa ke'w finn genyen kont lan

Wap bezwen ale nan pati Dashboard ou

Epi wap klike kote ki make Affiliate lan nan pati Quick Actions lan




Step 2

Sistèm lan ap ba ou yon rezime de tout detay nan pwogram afiliasyon an

Lè'w finn li'l, wap bezwen tcheke kote ki make I understand and agre... an

Epi klike sou bouton ki make Subscribe Now




Step 3

Si tout bagay mache

Ou ta sipoze jwenn Dashboard affilye kote ou ka komanse envite moun vinn sou platfòm pgecom lan

Men ansanm de detay ke wap jwenn nan pati Dashboard affiliate ou

  • Kantite kòb ke'w fè
  • Lyen pou'w pataje an
  • List moun ki antre alèd de lyen'w lan
  • Balans ke'w genyen ki dispo



FAQs

1- Mwen pa jwenn opsyon bouton affiliate an non, kisa pou'm fè?

Nan ka sa, il resanb ke ou pa elijib pou li

Pou'w kapab elijib pou li, fok ou depanse $100 usd sou platfom pgecom lan epi fòk ou genyen yon kat Virtuel



2- Mwen te envite yon ansanm deja avan pwogram affiliasyon an lanse, eske nou ka ajoute yo pou mwen?

Malerezman non, tout moun ke wap ajoute, fè yo itilize lyen referans ou an oswa ou ka invite yo


3- Eske mwen ka pataje lyen an sou Youtube, Facebook, Twitter?

Yes, ou ka pataje'l nan kontni'w oswa nan gwoup ke'w se admistratè

Li extrèman enpòtan pou'w pa plede pataje lyen an anba post ki pa pou ou sinon ekip lan ka dezaktive opsyon sa pou ou nèt


4- Konbyen komisyon ke nou bay?

Nou bay 10% komisyon sou frè ke moun lan peye sou sistèm pgecom lan

Examp: Si yon moun ke'w refere fè yon transaction $100 epi li peye $3 antanke frè

Nap ba'w 10% nan $3 usd ke'l peye antanke frè


5- Eske li gratis pou'm devni yon afilye nan pgecom?

Malerezman non, opsyon affilasyon pa pou tout moun

Nou vle aktive'l senpleman pou moun ki enterese envite lòt moun sou sistèm lan

Se youn nan rezon ki fè $1.99 usd chak mwa pou kont affilyasyon'w lan kapab rete aktif

Ou ka cancel nenpòt lè ou vle


6- Chak kilè kòb ki nan Pending Payout mwen dispo?

Chak Vandredi a 11:59 pm, li vinn sou balans affiliate prensipal ou an


7- Kilè mwen ka retire kòb mwen genyen nan afiliasyon an?

Ou ka retire'l lè'l rive $50 usd jiska X



Updated on: 29/10/2024

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!