Articles on: Rewards

Kòman pou'w voye yon kòb ba yon moun sou PayPal

Pou'w kapab voye kòb bay yon fanmi oswa zanmi'w
Wap bezwen genyen yon kont sou platfòm pgecom lan

Si'w poko genyen yon kont sou kont sou platform pgecom lan
Ou ka ale sou lyen sa anba an epi wap kapab kreye yon kont
👉 https://app.pgecom.com/signup

Une fwa ke'w finn kreye kont lan
Wap bezwen ale nan pati ki make Withdraw an
Une fwa ke'w rive la, wap klike sou logo PayPal lan




Sistèm lan ap ba'w yon fòmilè ke wap bezwen ranpli
Nan fòmilè an, wap bezwen ranpli ansanm de enfòmasyon sa yo
Email - email moun kap resevwa kob lan (Fok moun lan gen PayPal)
Amount - kantite kob ke wap voye an
Note - Yon note de tip tranzaksyon
Delivery Option - Kilè ou ta renmen resevwa kob lan

Lè'w fini, wap peze sou bouton ki make Withdraw to PayPal lan





Answit sistèm lan ap ba'w yon rezime de tranzaksyon ke'w bezwen fè an
Revize ansanm de done yo
Epi verifye ke tout done yo kòrèk
Si tout bagay kòrèk, wap senpleman klike sou bouton ki make Withdraw to PayPal lan




Le'w finn fè sa, sistèm lan pral mande'w pou'w antre PIN ou
Pin ou se yon code 6 chif ke'w te anrejistre lè'w tap kreye kont ou sou platfòm pgecom lan
Depi'w finn mete PIN ou an, tranzaksyon an ap tou konplete





Epi finn fè sa, sa pral depann de opsyon livraison ke'w pran an
Epi wap jwenn kob lan sou kont PayPal ou


FAQs
1- Konbyen kòb mwen ka voye sou kont PayPal mwen?
Ou ka voye minimum $10 jiska $10000 usd sou platfòm PGecom lan

2- Konbyen tan ke li pran avan moun lan jwenn kòb la?
Sa pral depann nan opsyon livraison ke'w pran an
Men ansanm de opsyon ki dispo nan livraison an
Standard - 2 jou ouvrab
Regular - 1 jou ouvrab
Express - 2 heure de tan
Urgent - 30 minutes

Note byen ke opsyon sa yo ka gen reta ladan yo nan week end paske staff lan pa travay nan week end

3- Eske ka mwen ka voye kòb bay yon lòt moun sou PayPal?
Yes ou ka voye kob bay fanmi'w oswa zanmi'w sou PayPal san pwoblèm

4- Konbyen frè yo ye?
Ou ka tcheke sou frè nou yo sou lyen sa
👉 https://bit.ly/pg-global-fees

5- Eske mwen dwe gen yon kont PayPal pou'm voye kòb sou PayPal?
Yes, fòk moun wap voye kòb pou li gen yon kont PayPal sinon ou pap kapab

Updated on: 17/03/2024

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!