Articles on: Rewards

Men fason pou'w voye kob sou Wise

Nan atik sa nou pral moutre'w fason ou kapab voye kob sou Wise a travè platfòm PGecom lan


Pou'w kapab voye kob sou Wise

Wap bezwen genyen yon kont sou sistem PGecom lan


Si'w poko genyen yon kont

Ale sou lyen sa epi kreye yon kont sou li

👉 https://app.pgecom.com/signup


Pou'w kapab voye yon kob sou Wise

Fok ou gen kob sou kont PGecom ou an

Si'w poko rechaje balans ou

Ou kapab ale nan pati ki make Wallet lan

Epi wap chwazi nenpot ke'w vle pou'w kapab rechaje balans ou an




Une fwa ke'w finn rechaje balans ou

Epi ou gen kob sou li

Wap bezwen nan pati ki make Withdraw an

Le'w rive nan pati sa, wap chwazi opsyon Wise lan

Konsa tou ou kapab itilize nenpot lot opsyon ke'w vle tankou

  • PayPal
  • CashApp
  • Bank of America
  • MonCash
  • NatCash


Nan ka pa nou an, nap chwazi opsyon Wise lan

Epi wap klike sou li



Une fwa ke'w finn seleksyone opsyon Wise lan

Sistem lan ap gen pou'l mande'w ansanm de enfomasyon sa yo

Email wise ou an

Kantite kob ke wap voye sou Wise lan

Wap mete done yo epi wap klike sou bouton ki make Withdraw to Wise lan




Answit sistem lan ap ba'w yon rezime de kantite ansanm de bagay sa yo

Kantite kob ke wap peye antanke frè

Email kote Wise lan prale an


Verifye ke tout bagay kòrèk avan ke'w klike sou Withdraw sou Wise lan

Une fwa ke'w verifye, klike sou bouton ki make Withdraw sou Wise lan




Answit sistem lan ap mande'w mete PIN ou

Wap bezwen mete PIN ou

Li enpotan ke'w sonje'l

Une fwa ke'w raple PIN ou, wap mete'l





Si tout bagay pase byen

Ou ta sipoze wè order an sou hold

Ki vle di ekip lan jwenn demand

Epi yap process li


Depi yo finn process li, status an ap chanje de hold pou'l vini a completed


FAQs

1- Konbyen tan li pran avan ke mwen ka jwenn li sou Wise mwen?

Sa pral depann de lè livraison ke'w pran an

Li ka pran 2 jou

Konsa tou li ka fet nan 30 minutes


2- Konbyen kob ke mwen ka voye pa Wise?

Ou ka voye kòm pi piti $10 usd jiska $50000 usd sou Wise


3- Konbyen frè an ye pou'm voye'l sou Wise?

Ou ka aprann plus sou lyen sa

https://help.pgecom.com/ht/article/fees-1irhphn/
















Updated on: 08/01/2024

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!