Articles on: Shopping

Achte sou Shein avèk PGpay sou telf ou

Nan atik sa nou pral moutre'w fason ou kapab achte sou Shein epi peye ansanm avek MonCash

Ou pa bezwen genyen yon kont sou platfòm pgecom lan

Wap ka fè'l san pwoblèm


Nap focus sou pati mobile lan

Men si'w genyen laptop

Ou ka swiv etap sa

👉 https://docs.pgecom.com/api-endpoint/chrome-extension


Premye pati ke wap fè

Ale sou kont Shein ou epi ajoute pwodwi yo nan panye

Answit ale nan pati cart lan

Le'w rive ladan'l sou telf ou

Wap jwenn yon bouton pataje

Avan ou klike sou li, seleksyone tout pwodwi yo

Api answit klike sou bouton ki make pataje an




Une fwa ke'w rive la

Wap klike sou kote ki make Share an

Pa bliye seleksyone tout pwodwi ke'w vle an

Answit klike sou bouton ki make Share lan




Shein ta sipoze ba'w opsyon kote pou'w pataje'l nan plizyè fason an

Wap senpleman bezwen kote ki make Copy Link lan

Se lyen sa ke wap bezwen pou'w kapab finalize res pwosesis lan




Kounye an wap moute sou Dashboard ou epi wap klike sou kote ki make Mobile Shopping lan

Si'w pa gen yon kont sou pgecom lan

Wap senpleman ale sou lyen sa

👉 https://app.pgecom.com/shopping



Nan pati sa wap bezwen lage lyen ke'w te kopye an

Epi wap mete nan pati ki make Share Yourt Cart

Wap lage lyen an ladan'l, ou pa bezwen enkyete'w de lot text yo

Epi ranpli ansanm de enfomasyon sa yo

  • Email
  • Phone
  • Payment Method
  • Total Price


Epi klike sou bouton ki make Submit lan





Sistem lan ap mennen'w kote pou'w antre enfomasyon kote ke pwodwi an prale

Mete ansanm de enfomasyon sa yo

  • First Name
  • Last Name
  • Shipping Type
  • Street Address
  • Apt, Suite, Bldg
  • City
  • Country
  • State
  • ZipCode


Epi wap klike sou kote ki make Next lan




Sistem lan pral mande'w pou'w verifye tout enfo yo

Pran ti tan pou'w verifye tout enfo yo korek

Si tout enfo yo korek

Wap senpleman klike sou kote ki make Submit




Si'w te chwazi MonCash antanke payment methods

Wap jwenn sistem lan menne'w nan portal moncash

Kote ou kapab finalize tranzaksyon an

Wap senpleman mete enfomasyon sa yo

  • Your Number
  • Your PIN

Epi wap klike sou bouton ki make Pay lan epi wap ka finalize pwosesis lan




Si'w te chwazi opsyon pgpay lan antanke method de payments

Wap sistem lan mennen'w nan portal pgpay lan pou'w ka finalize payment an

Wap senpleman antre pin lan si'w gentan logged in

Oswa nimewo telf ou avek pin lan si'w te gentan logged in






FAQs

1- Eske si'm gen kob lan sou MonCash, mwen ka peye dirèk pou pwodwi yo?

Yes ou ka peye directman avek MonCash san pwoblem


2- Kòman map fè jwenn tracking number lan?

Une fwa ke Shein voye pwodwi an

Wap jwenn yon email kap enkli tracking number ke'w ka track li

Konsa tou ou ka swiv tout detay sou portal pgecom lan

Sou lyen sa

👉 https://app.pgecom.com/chrome/portal


3- Konbyen tan avan ke Shein voye pwodwi yo?

Shein ka voye pwodwi an ale nan 2 a 3 jou

Nou konseye'w pasyante nan ka sa

























Updated on: 08/07/2024

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!