Articles on: Rewards

Community Code of Conduct

Nan aktik sa nou pral pataje ansanm avè'w ansanm de prensip ke'w dwe swiv pou'w kapab toujou rete aktif nan kominote an


Avan tou, men lis de kote ke'w ka patisipe nan kominote PGecom lan


Chak kominote sa yo gen wòl pa yo


Telegram

Kominote sa la senpleman la pou ede'w rezoud nenpot pwoblèm teknik ke'w te ka genyen sou sistèm lan.


Whatsapp

Nenpòt anons ke nap fè sou sistèm lan, se la ke wap premye tande'l. Li enpòtan pou'w antre nan kominote sa pou'w ka rete okouran de anons enpòtan de sistèm lan. Sou kominote Whatsapp lan, ou pap ka text, wap senpleman ka swiv anons enpòtan yo


Facebook

Nou poste videos, tips, epi motivasyon chak jou sou Facebook lan menm jan avek tout kote sou rezo sosyal lan


Li enpòtan ke'w antre nan tout pou'w pa pèdi anons enpòtan sou sistèm lan oswa jwenn èd


Pou'w kapab rete aktif nan kominote an, men ansanm de prensip ke'w dwe swiv


  • Respekte youn ak lòt e swaye pwofesyonèl nan mesaj ke wap voye yo
  • Nou pa vle okenn manb ekri yon manb nan staff lan dirèk an prive. Li enpòtan ke'w poze tout kesyon'w yo sou gwoup lan. Si'w bezwen pale avèk yon manb nan staff lan dirèk, kontakte sèvis a la kliyantèl lan oswa rele dirèk nan call center an
  • Pa diskite okenn lòt sijè ki pa gen rapò ansanm avèk sèvis ke nou ofri yo
  • Pa pataje enfòmasyon pèsonèl ou tankou email, mot de pass sou gwoup lan
  • Nou pa asepte okenn pwomosyon sou okenn pretext
  • Trete tout moun ansanm avèk menm respè an
  • Pa DM okenn itilizatè san pèmisyon'l
  • Pa pataje okenn lyen pwomosyonèl
  • Pa SPAM gwoup lan
  • Swiv nenpòt lò règleman ke admin gwoup lan etabli pou gwoup lan ka mache


FAQs

1- Mwen wè gen yon delè de 1 heure de tan, avan mwen ka poze yon lòt kesyon, kisa ki fè sa?

  • Yes, chak manb genyen 1 heure de tan avan ke yo poze dezyem kesyon an. Pandan semènn lan admin yo ka chwazi'l redwi'l, men limit toujou la chak week end.


2- E si mwen bezwen aide avèk plizyè kesyon, kisa pou'm fè?

  • Ekri yon sèl mesaj epi poze tout kesyon'w yo ladan'l


3- Eske nou pa ka retire delè 1 heure de tan pou mwen?

  • Depi'w kòmanse ede reponn ansanm avèk lòt kesyon sou gwoup lan, admin yo ap analize fason ke'w kontribiye, epi yap retire limit sa pou ou


4- Mwen ekri yon mesaj, men mwen poko jwenn repons non?

  • Ou met pasyante, depi gen yon admin ki la, yap reponn ansanm avek mesaj ou san pwoblem


5- Mwen wè'm pa ka ekri ankò nan gwoup lan, kisa ki fè sa?

  • Il resanb ke youn nan admin yo limite kont ou an paske ou te vyole youn nan ansanm de prensip sa yo. Le plus souvan, si kont ou an limite, li ka pran 1 semenn oswa 1 mwa avan ou ka text sou telegram ankò. Se sak fè li enpòtan pou'w swiv ansanm de reglèman yo


6- Mwen annik pataje yon lyen sou gwoup lan, epi mwen wè'm pa ka ekri ankò?

  • Yes, si tout fwa lyen'w lan se yon lyen pwomosyonèl, ekip lan ap limite kont ou an


7- Mwen wè'm deyò nan gwoup lan, kisa ki fè sa?

  • Nou pa mete moun deyò nan gwoup lan Telegram lan, si tout fwa dosye'w lan ta grav, nou ka limite kont ou pou jis yon ane.

Updated on: 08/12/2024

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!