Articles on: Rewards

Diferans PGecom vs Western Union

Nan atik sa nou pral pataje ansanm avè'w diferans antre PGecom e Western Union



1- Western Union
Lè'w resebwa yon kòb nan Western Union, fòk ou ale nan yon biwo transfè pou'w ka pran kòb sa. Si pa gen biwo transfè nan zòn ke'w ye an, malerezman ou pap ka pran'l oswa fòk ou deplase nan yon espas ki gen mezon transfè pou'w ale pranl. Epi lè'w rive, fòk ou ale avèk yon pyès idantite pou'w ka pran'l sinon yo pap ba ou li

1- PGecom
Lè'w resevwa yon kòb. Ou pa menm bezwen deplase. Kòb lan depoze dirèk sou kont MonCash ou. Sa vle di menm lè pa gen okenn mezon transfè bò lakay ou, ou ka pran kòb ou san okenn pwoblèm. Sistèm lan gentan verifye idantite'w deja ansanm avèk pyès lan. Sa vle di ou pa bezwen pyès ou ankò pou'w resevwa kòb ou sou MonCash


2- Western Union
Lè'w al pran kòb lan nan biwo transfè an. Lavi'w riske paske nenpòt moun ka ap siveye'w epi menase'w pou yo pran kòb lan sou ou. Menm moun ki nan biwo transfè an ka voye dwèt sou ou

2- PGecom
Pou'w resevwa kòb lan, pa gen okenn moun ki konn afè'w oswa konyen kòb ke'w ap resevwa. Ou pap menm bezwen deplase. Sa vle di vwazen an oswa moun nan fanmi'w pap konnen si'w pa resevwa kob oswa si'w ap resevwa kob. Sa vle di pa gen okenn moun ki konn afè'w


3- Western Union
Peyi Haiti se youn nan peyi ki toujou gen grèv. Sa vle di si ta gen yon manifestasyon. Ou pa ka menm resevwa kòb paske tout biwo yo fèmen. Konsa tout sa pral depann nan kilè ke moun lan ap voye kòb lan ba ou. Si'l voye'l aprè 8:00 pm EST. Malerezman ou pap ka jwenn kob sa cash nan men'w akòz de biwo yo gentan fèmen

3- PGecom
Nan nenpòt lè oswa nan nenpòt sitiyasyon peyi an ye. Ou ka resevwa kòb ou dirèk sou MonCash san pwoblèm. Sa vle di menm lè peyi an femen, wap ka resevwa kob ou san pwoblèm. Menm lè li ta minwi. Fanmi, oswa zanmi'w ka depoze kòb pou ou san pwoblèm.


4- Western Union
Lè yon moun ap voye kòb pou ou nan Western Union, Western Union chaje moun lan yon frè, minimum $4.55 usd plus sa pral depann de kantite kob ke lap voye an. Yo chaje'l plus frè. Epi nan taux ke yo ba'w kòb lan pa bon menm.

4- PGecom
Pou yo voye yon kòb pou ou pa MonCash, pa gen okenn frè ke moun lan peye. Epi taux pa nou garanti ke li pi bon ke pa Western Union an. Sa vle di non sèlman moun kap voye'l pou ou an pa peye okenn frè, men ou menm tou resevwa plus kòb sou kont MonCash ou


5- Western union
Western Union se yon konpayi transfè. Yo gen yon pakèt lokal fizik nan tout mond lan. Sa vle di ou ka voye kòb bay tout moun nan mond lan

5- PGecom
Platfòm PGecom lan pa yon konpayi transfè. Se yon konpayi teknoloji ki fasilite jènn Haitien achte en ligne ansanm avèk kat Visa epi yo kapab pran kòb ke yo gen sou kat yo epi voye'l bay tèt yo sou MonCash otomatik. Sa vle di si'w bezwen voye kòb nan tout mond lan, wap limite avèk platfòm nou an


6- Western Union
Moun pa ka voye kòb ba ou pa Zelle pa Western Union. Sa vle di fòk moun lan gen yon kat de kredi pou'l ka voye kòb ba ou

6- PGecom
Fanmi'w oswa zanmi'w ka depoze kòb ba ou pa Zelle san pwoblèm. Menm lè ou pa gen Zelle, yo ka depoze'l sou kont ou. Wap senpleman bezwen bay moun lan referens code lan epi yap ka fè sa pou ou san pwoblèm avèk fonksyonalite Payme an.


7- Western Union
Moun pa ka depoze kòb pou ou pa CashApp, Crypto, oswa PayPal. Paske Western Union pa gen opsyon sa yo. Sa vinn fè ou limite nan fason ou ka jwenn depo sou kat ou an

7- PGecom
Akòz platfòm PGecom lan se yon konpayi teknoloji. Li fasilite'w depoze kòb sou kat ou an pa CashApp, Crypto Monè, oswa Paypal epi ou ka voye'l dirèk sou MonCash otomatik.



7- Western Union
Western Union mete yon limit de kantite kòb ke'w ka resevwa sou MonCash. Sa vle di si'w gen yon ijans, ou ka pa ka resevwa tout kòb lan pa MonCash

7- PGecom
Kòb ke'w genyen sou kat lan, se kòb pa'w ke li ye. Sa vle di ou ka resevwa tout sou kont MonCash ou an depi kont MonCash ou an ka pran tout kòb lan. Si'l pa ka pran'l, ou ka resevwa yon kantite epi ou retire'l pou'w ka pran rès lan.

Updated on: 26/06/2023

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!