Articles on: Ecommerce

Fason pou'w deplwaye sit ou ansanm avèk PGecom

Nan atik sa nou pral moutre'w fason ou kapab deplwaye magazen ou sou sistèm PGecom lan


Pou'w kapab deplwaye sit ou sou platform PGecom lan

Wap bezwen genyen yon kont sou sistem lan

Si'w poko genyen yon kont sou sistem lan

Ou kapab ale sou lyen sa https://app.pgecom.com/signup


Une fwa ke'w finn genyen yon magazen

Wap bezwen ale nan pati ki make Online Store an

Le'w rive nan pati sa, wap bezwen klike sou kote ki make Theme lan

Answit klike sou Deploy Latest Changes




Une fwa ke'w klike sou bouton ki make Deploy Latest Changes lan

Wap bezwen tann 30 minutes pou'w kapab jwenn ansanm de mis a jou yo


FAQs

1- Mwen klike sou bouton an, men mwen poko wè anyen non?

Li pran 30 minutes avan ke sistèm lan deplwaye nouvo chanjman yo

Ou met tann 30 minutes epi wap kapab wè nouvo chanjman yo


2- Chak kilè mwen dwe klike sou bouton ki make Deploy Latest Changes lan?

Une fwa ke'w vle jwenn nouvo chanjman sou theme ou an

Ou senpleman klike sou li epi nan 30 minutes sit ou an ap update


3- Eske Payment MonCash lan ap tou aktive sou sit lan?

Yes men ansanm de payment kap tou aktive sou li otomatik

  • PG Pay
  • MonCash
  • Crypto


Si tout fwa ou vle mete payment sa yo, wap bezwen gen yon business ki anrejistre nan USA

  • Kat de kredi
  • PayPal
  • Etc



4- Kòman pou'm konfigire kat kredi an sou sit lan?

Une fwa ke'w finn genyen business lan anrejistre nan USA

Wap bezwen genyen yon kont sou stripe ki se yon payment processor pou Visa/MasterCard

Une fwa ke'w finn gen sa, antre an kontak ansanm avek nou epi nap ka ede'w


5- Koman pou'w integre Payment pa PayPal lan?

Wap bezwen genyen yon kont PayPal business

Le moman ke'w gen sa

Fè nou konnen epi nap ka ede'w ansanm avek sa



6- Eske mwen ka mete pwòp theme mwen?

Wap ka fè sa pi devan, men pou kounye an ou poko ka fè sa


7- Eske moun ap ka achte nan menm ansanm avek MonCash

Yes moun ap ka achte nan men'w ansanm avek MonCash

Wap ka wè tout information kliyan an epi wap ka jwenn ki pwodwi ke li achte nan men'w lan tou


8- E koman map fè livre kliyan an pwodwi an?

Wap senpleman antre an kontak ansanm avek kliyan an

Epi wap ka diskite sou fason ke yo vle pran pwodwi an



9- Mwen gen yon magazen fizik, eske mwen ka mete'l en ligne tou?

Yes wap kapab mete'l en ligne san pwoblem



10- Eske mwen ka lanse sit mwen menm lè mwen an Haiti?

Yes ou kapab fè sa san pwoblèm

Wap senpleman moute sou sistèm PGecom lan epi wap ka kreye magazen'w lan























Updated on: 21/12/2023

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!