Articles on: Ecommerce

Fason pou'w kreye domain sou platfòm PGecom lan

Nan atik sa nou pral moutre'w fason ou kapab achte yon domain sou platfòm PGecom lan


Pou'w kapab achte yon domain name sou sistèm PGecom

Wap bezwen genyen yon kont sou PGecom

Si'w poko genyen yon kont sou PGecom, ou ale sou lyen sa

👉 https://app.pgecom.com/signup


Une fwa ke'w finn login

Wap bezwen ale kote ki make Online Store

Answit wap klike sou kote ki make Domain


Epi wap chèche domain kew vle an nan ba de rechèch lan

Answit peze bouton ki make search domain lan



Kounye verifye domain ki disponib yo

Epi klike sou kote ki make Purchase lan

Nou konseye'w chwazi domain ki fini pa .com

Paske li gen plus otorite ke lòt domain yo



Le'w rive nan pati sa

Sistem lan ap mande'w pou'w konfime non domain ke wap achte an

Epi pou'w chwazi ki magazen ke wap tout konekte'l ansanm ave'l

Une fwa ke'w verifye tout done yo

Senpleman klike sou kote ki make Confirm Purchase



Une fwa ke'w finn klike sou bouton an, tout bagay ta sipoze finalize

Ou ka ale nan pati order

Wap ka jwenn kòmand ke'w plase an sou li



FAQs

1- Kisa ki yon Domain Name, esplike'm paske mwen pa two fò nan bagay yo?

Domain name lan se non magazen en ligne kote klike kapab tape'l nan Google pou yo jwenn magazen'w lan

Men yon list de examp de non ke moun ka tape sou Google

etc


2- Mwen achte yon domain sou PGecom, mwen poko we'l moute, kisa pou'm fè?

Li ka pran antre 24 a 48 heure de tan avan ke domain lan konekte'l

Nou konseye'w tann. Pwosesis domain pran yon ti tan avan ki li pwopage sou rezo an


3- Eske mwen ka achte yon domain ansanm avek MonCash?

Yes depi'w gen kob sou sistem lan PGecom lan

Ou ka achte domain lan ansanm avek balans ou

Ou ka itilize nenpot nan mwayen sa pou'w rechaje balans ou

  • MonCash
  • CashApp
  • Zelle
  • PayPal
  • Binance
  • Sogebank (Tout lot bank an Haiti yo)
  • Etc


4- Eske domain lan ap tou konekte ansanm avek magazen an?

Yes lap tou konekte ansanm avek magazen ke'w chwazi an


5- E si mwen te gen yon domain deja, eske mwen ka konekte'l ansanm avek PGecom lan

Yes, wap senpleman klike sou kote ki make CNAME Record Configuration an epi wap jwenn information CNAME yo

Une fwa ke'w jwenn information sa yo

Ou ka konekte domain lan sou nenpot nan provides sa yo

  • Name Cheap
  • GoDaddy
  • SiteGround
  • Route53
  • Hostinger
  • SiteGround
  • Etc


6- Eske sa vle di se sou non domain mwen ke moun ap ka achte?

Yes se sa menm wi

Se non magazen'w lan ke yap ka wè


7- Mwen mete yon non, yo di ke non an invalid, kisa pou'm fè?

PGecom tou verify ke non domain name ke'w mete ke li swiv yon standard international

Nan ide pou sit tankou Google, Bing kapab indexe sit ou an

Alò yon non domain ki genyen tirè oswa chif pa pwofesyonèl menm

Sistèm PGecom lan tou verifye sa pou ou


8- Eske se pou 1 an domain name lan ye?

Yes se sa menm wi


9- Mwen gen yon portfolio sou yon platform, eske mwen ka achte yon domain name sou PGecom?

Yes ou kapab fè sa, epi wap senpleman konekte'l sou Hosting Provider an ke'w genyen an

Updated on: 08/12/2024

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!