Articles on: Gift Card

Fason pou'w redeem Gift Card Apple an

Nan aktik sa mwen pral moutre'w fason ou kapab Redeem yon kat kado Apple


Kat Kado Apple an se yon kado ke'w ka itilize nan fason sa yo
Ou ka itilize'l pou'w achte

  • Pwodwi oswa akseswa apple yo
  • Applications
  • Jwèt
  • Apple Store
  • Music
  • Movies
  • Apple Books
  • Apple TV
  • Icloud Storage
  • Subscriptions


Yes, ou ka fè tout sa yo ansanm avè'l. Si'w vle achte'l, ou ka ale sou lyen sa.
Lè'w finn achtel, map moutre'w fason ou ka redeem li oswa itilize'l


Premye bagay ke wap bezwen fè se ale sou iPhone, iPad, oswa Mac ou
Ou pral nan Apple Store



Le'w finn klike sou li
Wap bezwen klike sou kote ki make Today
Epi wap klike sou pwofil profile ou ki adwat anlè an



Une fwa ke'w finn fè sa
Wap jwenn yon kote ki make Redeem Gift Card or Code
Wap bezwen klike sou li pou'w ka redeem lan


An pasan, Redeem lan vle di wap aplike'l sou kont ou pou'w ka fè achat ansanm avèl



Wap jwenn opsyon ki mande'w eske'w wap aplike'l pa Camera oswa manuel
Wap bezwen chwazi opsyon manuel lan



Wap pran nimewo ke nou voye ba'w lan nan email ou
Epi wap mete'l nan pati redeem lan
Answit klike sou bouton ki make Redeem lan



Si tout bagay pase byen, ou ta sipoze ka wè kòb sa nan balance ou

Updated on: 08/12/2024

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!