Articles on: Shopping

Achte sou Temu avèk PGPay sou telf ou

Nan atik sa nou pral moutre'w fason ou kapab achte sou Temu epi peye ansanm avek MonCash
Ou pa bezwen genyen yon kont sou platfòm pgecom lan
Wap ka fè'l san pwoblèm

Nap focus sou pati mobile lan
Men si'w genyen laptop
Ou ka swiv etap sa
👉 https://docs.pgecom.com/api-endpoint/chrome-extension

Premye pati ke wap fè
Ale sou kont Temu ou epi ajoute pwodwi yo nan panye
Answit ale nan pati cart lan
Le'w rive ladan'l sou telf ou
Wap jwenn yon bouton pataje
Avan ou klike sou li, seleksyone tout pwodwi yo
Api answit klike sou bouton ki make pataje an




Une fwa ke'w rive la
Wap klike sou kote ki make Share an
Pa bliye seleksyone tout pwodwi ke'w vle an
Answit klike sou bouton ki make Share lan




Temu ta sipoze ba'w opsyon kote pou'w pataje'l nan plizyè fason an
Wap senpleman bezwen kote ki make Copy Link lan
Se lyen sa ke wap bezwen pou'w kapab finalize res pwosesis lan





Kounye an wap moute sou Dashboard ou epi wap klike sou kote ki make Mobile Shopping lan
Si'w pa gen yon kont sou pgecom lan
Wap senpleman ale sou lyen sa
👉 https://app.pgecom.com/shopping



Nan pati sa wap bezwen lage lyen ke'w te kopye an
Epi wap mete nan pati ki make Share Yourt Cart
Wap lage lyen an ladan'l, ou pa bezwen enkyete'w de lot text yo
Epi ranpli ansanm de enfomasyon sa yo
Email
Phone
Payment Method
Total Price

Epi klike sou bouton ki make Submit lan





Sistem lan ap mennen'w kote pou'w antre enfomasyon kote ke pwodwi an prale
Mete ansanm de enfomasyon sa yo
First Name
Last Name
Shipping Type
Street Address
Apt, Suite, Bldg
City
Country
State
ZipCode

Epi wap klike sou kote ki make Next lan




Sistem lan pral mande'w pou'w verifye tout enfo yo
Pran ti tan pou'w verifye tout enfo yo korek
Si tout enfo yo korek
Wap senpleman klike sou kote ki make Submit




Si'w te chwazi MonCash antanke payment methods
Wap jwenn sistem lan menne'w nan portal moncash
Kote ou kapab finalize tranzaksyon an
Wap senpleman mete enfomasyon sa yo
Your Number
Your PIN
Epi wap klike sou bouton ki make Pay lan epi wap ka finalize pwosesis lan




Si'w te chwazi opsyon pgpay lan antanke method de payments
Wap sistem lan mennen'w nan portal pgpay lan pou'w ka finalize payment an
Wap senpleman antre pin lan si'w gentan logged in
Oswa nimewo telf ou avek pin lan si'w te gentan logged in






FAQs
1- Eske si'm gen kob lan sou MonCash, mwen ka peye dirèk pou pwodwi yo?
Yes ou ka peye directman avek MonCash san pwoblem

2- Kòman map fè jwenn tracking number lan?
Une fwa ke Temu voye pwodwi an
Wap jwenn yon email kap enkli tracking number ke'w ka track li
Konsa tou ou ka swiv tout detay sou portal pgecom lan
Sou lyen sa
👉 https://app.pgecom.com/chrome/portal

3- Konbyen tan avan ke Temu voye pwodwi yo?
Temu ka voye pwodwi an ale nan 2 a 3 jou
Nou konseye'w pasyante nan ka sa

Updated on: 08/07/2024

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!