Articles on: Shopping

Enstale Extension Chrome PGecom lan sou browser ou

Extenshion Chrome PGecom se yon extension chrome ke'w ka itilize pou'w achte sou AliExpress, Shein, oswa Temu epi peye avèk MonCash

Nan atik sa, nou pral moutre'w fason ou kapab enstale'l epi kòmanse achte sou AliExpress, Shein, oswa Temu san pwoblèm

Premyeman wap bezwen yon laptop
Si'w pa gen laptop ou pa bezwen enkyete'w gen yon version mobile tou ke'w ka itilize'l


Wap bezwen moute sou laptop ou epi wap bezwen download fichye pou'w ka kòmanse
Ou ka download fichye an sou lyen sa
👉 https://docs.pgecom.com/api-endpoint/chrome-extension


Une fwa ke'w finn download fichye an
Wap bezwen ale sou lyen sa nan browser chrome ou pou'w kapab konfigire'l
chrome://extensions

Ou pa bezwen enkyete'w, se yon sèl fwa ke wap bezwen fè sa
Une fwa ke'w finn rive nan pati konfiguration an chrome
Wap bezwen aktive developer mode
Developer mode ede'w kapab enstale extension an




Une fwa ke'w finn aktive developer mode
Kounye an wap bezwen klike sou kote ki make Load Unpacked lan pou'w ka upload fichye an



Le'w rive nan fichye an, wap bezwen unzip li oswa klike sou li 2 fwa pou'w ka jwenn tout folder an
Wap bezwen navige anndan folder pou'w kapab jwenn 3 fichye sa yo
manifest.json
images
js

Une fwa ke'w wè 3 fichye sa yo
Klike sou bouton ki make Select lan pou'w ka upload li





Si tout bagay pase byen
Ou ta sipoze wè extension an upload nan pati chrome extensions an




Kounye an ou ka senpleman sou Shein
Epi lè'w rive nan pati pou'w peye an
Wap jwenn opsyon pou'w peye ansanm avèk PGPay



Oswa si'w ale sou AliExpress
Wap jwenn menm opsyon an




FAQs
1- Kòman PGPay ap konnen nan ki addrès pou'l voye pwodwi yo?
PGPay tou pran addrès shipping ke'w mete an nan checkout an epi li tou soumèt li


2- Konbyen tan li pran avan ke mwen jwenn koli an?
Kantite tan ke Shein oswa AliExpress di'w lan, se kantite tan ke coli'w lan ap pran

3- Mwen ale sou Temu, mwen pa jwenn PGPay non?
Malerezman nou poko sipòte temu nan Chrome Extension an men ou ka itilize version mobile lan


4- Eske mwen ka track coli mwen yo pou'm konnen ki kote ke yo ye?
Yes depi'w fè achat an, nan mwens ke 24 heure de tan wap jwenn yon email de email ki konfime ke pwodwi'w yo processed
Epi le moman ke yo shipped pwodwi an
Wap jwenn yon lot email avèk tracking number an kap di'w ke pwodwi an shipped
Epi lè yo rive, wap jwenn yon lot email ki fe'w konnen ke pwodwi an rive

5- Eske si mwen pran shipping express, extension an konn sa?
Yes depi'w pran shipping express oswa standard, extension an tou konn sa


Sa vle di ou ka swiv tout etap yo san pwoblèm

Updated on: 23/06/2024

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!