Articles on: Rewards

Ki diferans ki genyen antre kat Visa Prepeye an epi kat Visa Business lan

Nan atik sa nou pral diferans ki genyen antre kat Visa Prepeye an epi kat Visa Business lan



Nap kite pati pri anba epi avan ou pran yon desizyon ann eseye revize sa yo

1- Visa Preppaid
Alibaba pa asepte kat Visa prepeye, wap bezwen pou'w al konfigire'l sou PayPal pou'w ka pase'l sou Alibab

1- Visa Business
Alibaba asepte kat Visa Business san pwoblem. Wap ka achte sou Alibaba direct san ke ou pa bezwen nan konekte kat lan sou PayPal


2- Visa Prepaid
Ou ka minimum $5 usd jiska $1000 usd sou kat Visa Prepeye an

2- Visa Business
Ou ka mete minum $25 usd jiska $100000 usd sou kat Visa Business lan san pwoblem. Espesyalman si'w ap fè business, ebyen wap bezwen ka Visa Business sa


3- Visa Prepaid
Kat Visa Prepeye an pa rechajab. Sa vle di fòk ou gentan konnen konbyen kòb ke wap mete sou pou'w ka fè achat an. Si'w gen yon rès ti monenn ki rete sou li tankou $0.50 usd, ou ka gen difikilte pou'w retire'l sou kat lan

3- Visa Business
Kat Visa business lan rechajab. Sa vle di nenpòt kòb ke'w gen sou li, ou ka ajoute sou li. Si'w achte yon kote ou pa bezwen enkyete'w de rès kòb ki rete



4- Visa Prepaid
Visa Prepaid lan pa gen yon aplikasyon mobile. Chak lè ou bezwen ale sou li, wap bezwen ale nan email ou pou'w ka jwenn lyen an. Sa vle di si'w gen yon pakèt emails, ou ka gen difikilte pou'w jwenn lyen an. Ou ka nan bezwen kontakte support pou'n ka revoye lyen an pou ou

4- Visa Business
Kat Visa Business lan gen aplikasyon Android epi iOS. Sa vle di depi'w bezwen tcheke kat ou, wap ka senpleman moute sou aplikasyon an epi wap ka tcheke balans ou oswa wè enfòmasyon kat ou


5- Visa Prepaid
Kat Visa Prepaid pa ka konkete sou Apple Pay. Li ka konekte sou Google Pay men se pa tout kote ke li pase

5- Visa Business
Kat Visa Business lan li ka konekte sou Apple Pay oswa Google Pay. Avèk opsyon sa yo ou ka kòmande nan market avèk kat virtuel ou an


6- Visa Prepaid
Kat Visa Prepaid gen yon list de kote ke li pa pase epi gen anpil provider ki pa asepte'l

6- Visa Business
Kat Visa Business lan pase majorite kote ke ou konnen ke yo asepte Visa.


7- Visa Prepaid
Kat Visa Prepaid lan pi ba pri. Men ou gen yon pakèt limitasyon sou li

7- Visa Business
Kat Visa Business lan pi chè, men ou gen plus flexibilite sou epi ou konnen tèt frèt depi'w mete kòb sou li

Updated on: 25/05/2023

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!