Kòman pou'w itilize Gift Card Visa lan
Nan aktik sa mwen pral moutre'w fason ou ka kreye gift card ou
Wap bezwen moute sou app lan epi klike sou kote ki make Gift Card an
Une fwa ke'w klike sou li, wap bezwen mete information moun ke wap voye gift card lan bay lan
First Name
Last Name
Reciever Email
Amount
Quantity
Le'w finn mete ansanm de enfomasyon sa yo
Wap bezwen klike sou kote ki make Create Gift Card

Sistem lan ap mande'w pou'w revize pri an epi konfime sa
Wap revize'l epi klike sou kote ki make Confirm lan

Menm kote an ou ta sipoze jwenn yon email kap livre'w gift card lan
Email lan ta sipoze sanble konsa
Wap klike sou lyen ki gen PIN lan ladan'l lan

Lyen sa ta sipoze mennen'w yon kote pou'w chwazi ki tip de gift card ke'w pran an
Chwazi opsyon Virtual Visa Card an
Epi klike sou kote ki make Select lan

Wap bezwen ranpli ansanm de information sa yo
First Name
Last Name
Country
Address 1
City
State
Zip
Mobile Phone
Ou met kite kote ki make Address 2 an vid, si'w genyen'l ou ka ranpli'l tou
Une fwa ke'w fini, klike sou kote ki make Confirm lan
Malerezman ou pa ka mete Haiti antanke yon peyi

Wap desann anba net epi wap asepte tèm ak kondisyon yo
Le'w fini klike sou kote ki make Agree an

Si tout bagay mache an byen, ou ta sipoze jwenn enfomasyon kat lan
Wap jwennn ansanm de enfomasyon sa yo pou'w ka komanse itilize kat lan
Kantite kob ki sou li
Nimewo kat lan
Dat expiration an
Nimewo 3 chif lan (CVV)

FAQS:
1- Eske Gift Card lan rechajab?
- Malerezman non, li pa rechajab. Si tout fwa ou bezwen yon kat rechajab, wap pran kat normal lan kote wap ka rechaje'l
2- Mwen gen kat rechajab lan deja, men mwen pa ka itilize'l non, kisa ki fè sa?
- Nou ap fè yon gwo chanjman, wap ka itilize'l trè byento
3- Kilè gwo chanjman sa ap fini menm?
- Malerezman chanjman yo anpil, nou pa gen dat. Konsa li ka pran kelke jou, konsa tou li ka pran yon semènn, men depi li fini, nap mete'w okouran
4- Ki kote mwen ka achte ansanm avek kat Gift Card sa?
- Men yon lis kote ou ka achte ansanm avè l.
5- Eske mwen ka peye Facebook Ads ansanm avek Gift Card lan?
- Malerezman non, men yon list de kote ke'w pa ka itilize Gift Card lan
6- Eske MasterCard lan dispo kounye an?
- Non li poko dispo, men lap dispo trè byento
7- Ki chanjman nap fè menm sou sistèm lan konsa?
- Ou ka gade ansanm de chanjman sa yo sou lyen sa
Updated on: 14/02/2023
Thank you!