Articles on: Gift Card

Peye Netflix avèk MonCash oswa NatCash

Nan aktik sa mwen pral moutre'w fason ou kapab peye Netflix avek MonCash oswa NatCash ou


Pou'w kapab fè sa, wap bezwen yon kont sou plaform pgecom lan

Ale sou lyen sa pou'w kapab kreye yon kont sou li

👉 https://app.pgecom.com/signup


Lè'w finn finalize tout etap yo

Wap bezwen ale nan pati ki make Balance lan

Wap chwazi opsyon depo ki pi bon pou ou an

Men ansanm de opsyon de depo dispo

  • MonCash Automatic/Manuel
  • NatCash
  • Sogebank
  • Zelle
  • CashApp
  • Etc


Wap rechaje balans ou sou pgecom ou



Une fwa ke'w kòb lan moute

Wap bezwen ale nan pati ki make Gift Card lan

Wap klike sou li epi wap chwazi giftCard Netflix lan



Sistèm ap mande'w yon ansanm de done ke wap bezwen ranpli yo

Ranpli ansanm de enfo sa yo

  • First Name
  • Last Name
  • Email
  • Amount
  • Kantite
  • Delivery Option


Epi answit wap klike sou kote ki make Pwochènn Etap lan



Answit sistèm lan pral mande'w pou'w revize done yo

Wap bezwen revize ke tout bagay anfòm

Une fwa ke'w konfime sa, klike sou kote ki make Pwochènn Etap lan



Nan pati sa, sistèm lan pra'l mande'w pou'w antre PIN ou

Wap mete PIN ke'w genyen sou platfòm PGecom lan

Li enpòtan ke'w sonje PIN lan, sinon si'w eseye'l plus ke 3 fwa epi li bon, kont ou verouille



Une fwa ke'w finn antre PIN ou

Demand lan ap konplete


Kounye an ou mèt tann nan opsyon livraison ke'w te pran an epi wap jwenn li


Lè'w finn jwenn code lan

Wap bezwen ale sou lyen sa pou'w antre code lan

👉 https://www.netflix.com/redeem

Une fwa ke'w mete code lan

Wap ka finalize rès lan etap yo



FAQs

1- Eske map bezwen VPN pou'm moute sou Netflix lan

Non, ou pap menm bezwen VPN pou'w gade video yo sou kont Netflix ou


2- Aprè mwen finn fè sa, kòman map fè gade films sou Netflix lan?

Nap voye yon code ba ou

Wap bezwen pran code epi ou prale sou lyen sa pou'w mete code lan

👉 https://www.netflix.com/redeem


3- E lè plan Netflix mwen fini, kisa map fè?

Wap senpleman pran yon nouvo kat kado Netflix

Si kat kado an gen $25 usd sou li

Sa pral depann de ki plan wap pran

Men si plan an kote $7.99 usd

Wap ka peye nenpòt 3 mwa Netflix san pwoblèm


4- Eske mwen ka peye sa pa MonCash?

Yes, ou pran kat kado an pa MonCash, oswa NatCash

Wap senpleman bezwen rechaje balans ou sou PGecom lan

Epi wap peye'l pa nenpot opsyon ke'w vle


5- Konbyen tan avan ke nou voye code lan ba mwen pou'm mete'l sou Netflix?

Pwosesis sa depann de opsyon livrezon ke'w chwazi an

Men ansanm ospyon de livrezon ki genyen

  • Standard - 2 jou ouvrab
  • Regular - 1 jou ouvrab
  • Express - 2 heure de tan
  • Urgent - 30 minutes


Wap senpleman chwazi opsyon ki pi bon pou ou an


6- E sim bezwen pran plan Netflix lan sou https://www.gamsgo.com/, kisa pou'm fè?

Wap senpleman pran yon kat Visa Prepeye

Epi wap ka peye'l sou GamsGo san pwoblem

Men fason pou'w kreye kat Visa Prepeye an

👉 https://help.pgecom.com/ht/article/kreye-yon-kat-visa-prepeye-international-ygpl68/

Updated on: 08/12/2024

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!