Articles on: Card

Migration kat MasterCard Blan

Nan atik sa nou pral moutre'w fason ou kapab migre de MasterCard Blan avèk yon nouvo kat


Si'w te gen kat MasterCard Blan, ebyen ou elijib pou yon lòt kat



Men kisa ki pase menm?


Esplike'm pi byen


Poukisa nap banm yon lòt kat, janm te renmen ti kat sa


Ebyen malerezman Lundi 15 Juillet nou resevwa yon email de bank ki founi kat sa

Ki mansyone ke yo chwazi kanpe pwogram kat MasterCard rechajab blan an


Yes jan'w tande an

Sa vle di tout moun ki te gen kat MasterCard lan

Ou pap ka itilize'l aprè 22 Juillet 2024


Men kisa pou'm fè menm, e kòb mwen te gentan peye pou li an?

Ou pa bezwen enkyete'w

Nap senpleman ba'w yon nouvo kat ansanm avèk youn nan founisè kat ke nou genyen yo

Ou pap peye pou sa, wap senpleman jwenn nouvo kat lan, san pwoblèm


Li trè fasil pou'w jwenn nouvo kat lan

Wap senpleman ale nan Dashboard ou

Epi wap klike kote ki make Redeem Now

Le moman ou klike sou sa, nan 1 a 2 jou ouvrab

Wap jwenn nouvo kat ou pou'w ka itilize



FAQs

1- Mwen te gen yon kòb ki rete sou kat MasterCard lan, kisa pou'm fè pou'm jwenn li?

Ou ka eseye achte yon bagay en ligne avèk montan ke'w rete an avan 22 Juillet

Sinon aprè 22 juillet, tout montan ki mwens ke $25 usd pap ka reklame


2- Mwen eseye achte yon bagay en ligne, men li pa vle pase, kisa pou'm fè?

Ou mèt ekri nou epi nap ka ede'w


3- Mwen te gen plus ke $25 usd sou kat lan, men dat 22 Juillet an gentan pase, kisa pou'm fè?

Ekri nou, nap ka ba yon kat kado ki pa rechajab avèk montan ke'w genyen epi wap ka itilize'l


4- Eske map peye pou nouvo kat ke nap banm lan?

Non, ou pap peye pou'w genyen nouvo kat lan


5- Mwen te gen yon ansyen balans sou kat MasterCard blan an, mwen genyen nouvo kat lan, men mwen pa wè balans lan non?

Pwosesis migration fon an ap pran yon ti tan ke nou finalize operasyon sa

Men tout fon ta sipoze gentan sou kont pgecom ou avan 31 Juillet 2024


6- Eske mwen pa jwenn kòb ke mwen te peye kat lan pito olye nou banm yon lòt?

Malerezman kòb ke'w te peye pou'w achte kat lan pa ranbousab

Se sak fè nou ba'w yon lòt kat pito

Updated on: 08/12/2024

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!