Fason pou'w rechaje MasterCard lan
Nan aktik sa mwen pral moutre'w fason ou kapab rechaje MasterCard lan
Pou'w kapab rechaje MasterCard lan
Fok ou gen kob sou balans ou dabò
Gen plizyè fason ou ka mete kòb sou Balance
Credit/Debit card
Mon Cash
PayPal
Bank Deposit
Une fwa ke'w finn itilize youn nan fason sa yo pou'w rechaje balans ou, wap ka mete kòb lan sou MasterCard
Wap senpleman ale nan Dashboard ou
Wap mete mete kantite kòb ke wap mete
Epi answit wap klike sou kote ki make Add funds

Si tout bagay pase byen
Ou ta sipoze jwenn yon konfimasyon nan ekran ki fe'w konnen ke tout bagay pase an byen

Si'w ta renmen verifye si demand lan fèt
Ou ka ale nan kote ki make Order histories
Epi wap jwenn order ke'w fenk sot fè an

FAQs
1- Konbyen tan li pran avan ke mwen jwenn fon sa sou MasterCard?
- Li pran 5 jou ouvrab avan ke fon an apwouve sou kat MasterCard
2 - A ki taux ki nou fè'l ke nou fèl?
- Gen yon 6% pou'w kapab mete kòb lan sou MasterCard a koz de taux ki wo. Pwoblèm dola an Haiti plus frè bank lan fè depo an wo konsa
3- Poukisa fon an pran tout tan sa yo?
- Gen yon ansanm de verifikasyon ke fon an pase, avan li moute sou MasterCard lan. Epi answit Bank lan verifye fon avan ke li apwouve sou kat lan
4- Eske pa gen yon mwayen ki pi rapid ke'w ka fè transactions?
- Yes men wap bezwen yon gift card pou'w ka fè sa. Li pran 2 jou maximum pou'w kapab jwenn Gift Card lan.
5- Si mwen voye yon kòb sou MasterCard lan, eske mwen ka fè nou tounen'l ba mwen ankò?
- Malerezman depi fon an gentan ale sou MasterCard lan, nou pa ka fè anyen nan ka sa. Se senpleman bank lan ki ka apwouve'l
6- Eske si mwen gen kob sou MasterCard lan, mwen ka fè retrè sou sistèm?
- Malerezman non, si'w bezwen fè retrè de MasterCard lan, wap bezwen itilize yon sistèm tankou Remitly pou'w ka voye kob lan sou Mon Cash oswa voye'l nan Western Union
7- Mwen bliye addrès ke mwen te mete sou MasterCard lan, kisa nou ka fè pou mwen?
- Li enpòtan pou'w sonje ki addrès ke'w te mete sou MasterCard lan, si'w bliye'l, li ka pran nou yon ti tan avan ke bank lan voye'l ba nou
8- Mwen mete yon kob sou MasterCard, mwen poko jwenn li, kisa pou'm fè?
- Nap raple'w li pran 5 jou ouvrab avan fon an dispo sou MasterCard lan. Si tout fwa li pran plus, sa depann de Bank lan. Malerezman nou ka senpleman fè swivi pou ou
Updated on: 06/04/2023
Thank you!