Articles on: Rewards

New Account Creation - Fees

Apati le 11 Octobre, 2023, tout nouvo kont ki kreye sou sistèm lan ap gen yon frè registration ke yap peye



Kisa sa vle di pou ou?

Avan tou, si'w te deja gen yon kont deja sou sistèm lan
Ou pa bezwen enkyete'w, chanjman sa pa aplike pou ou

Chanjman sa aplike senpleman pou nouvo moun kap vini sou sistèm lan aprè 11 Octobre 2023

Si'w kreye yon kont aprè 11 Octobre 2023 oswa ou poko kòmanse pwosesis verification an
Wap bezwen peye $5 usd antanke frè registration sou platfòm lan

FAQs
1- Poukisa nap mete frè sa la menm mesye?
Nou reyalize gen anpil itilizatè ki kreye kont sou sistèm lan ki pa itilize platfòm lan
Sa ede elimine moun ki pap itilize platfòm lan


2- Eske si'm te gentan pase etap verification an, eske map peye frè sa?
Non, depi'w te gentan kòmanse etap verification avan 11 Octobre 2023, menm lè ou gen pwoblèm pou'w verifye
Ou pap peye frè $5 usd

3- Eske si'm gentan mete yon moun avan 11 Octobre, eske lap peye frè an?
Non, frè sa ap aplike pou senpleman aprè 11 Octobre 2023

4- E sim gen yon moun ki bezwen enskri aprè 11 Octobre, kisa pou'm fè?
Lap swivi menm etap lan, lap senpleman peye $5 antanke frè anrejistreman

Updated on: 04/10/2023

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!