Rechaje balans ou avèk PayPal
Nan atik sa nou pral moutre'w koman ou kapab rechaje balans ou avek PayPal oswa kat kredi mastercard/visa
Premye bagay ke'w ap fè
Wap bezwen ale nan pati ki rele Balance lan
Le'w rive ladan'l
Wap mete montan ou vle rechaje an
Ou finn ke'w finn mete montan ou vle an
Klike sou bouton ki make Pay with PayPal

Wap bezwen konfime transaction an
Depi'w finn verifye transaction
Klike sou Agree

Le'w rive nan pati sa
Wap jwenn yon paket opsyon de PayPal
Ou ka menm peye avek kat de kredi oswa mastercard tou
Si tout fwa ou gen opsyon pou'w peye pita an sou PayPal lan
Ou kapab fè sa san pwoblèm

Wap bezwen email kont PayPal ke'w genyen an
Si tout fwa ou nan version test lan
Ou kapab itilize email sa ke'w wè ki afichye an
Si'w pa nan version test lan
Wap bezwen mete bon email ou

Epi answit wap mete mot de pass ou
Le'w mete mot de pass ou
Se selman PayPal ki konn password ke wap mete an
Menm sistem nou an pa okouran de mot de pass ou
Le'w finn mete mot de pass paypal ou an
Wap senpleman klike sou Login

Si tout fwa ou gen kek kat ki atache avek kont PayPal ou
Ou ka chwazi sa yo nan pati sa
Ou ka menm peye avek PayPal credit si PayPal apwouve'w

Le'w fini
Wap senpleman klike sou kote ki make Pay now

Si tout bagay pase
Payment an ta sipoze pase san pwoblem
Epi ou ta sipoze we yon paj konsa ki moutre ke payment an pase an byen

Depi payment an pase tout
Wap tou jwenn yon email de konfimasyon ki konfime ke payment an pase an byen

Yayyy ou apènn aprann kòman ou kapab rechaje balans ou ansanm avek PayPal
Men kek lot resous ke'w ka aprann plis
Kreye yon kat virtuel
Men lis kote ke'w ka itilize kat lan
Kòman pou'w voye kòb bay yon moun sou PayPal san ke ou pa genyen PayPal
Depoze rewards nan yon bank USA
Men ansanm de limit ki genyen sou kat lan
Updated on: 26/07/2022
Thank you!