Articles on: Rewards

Rechaje Kat Visa Business ou an

Nan aktik sa mwen pral moutre'w fason ou kapab rechaje kat Visa Business lan avèk plizyè plizyè mwayen



Si'w poko gen yon kont sou sistèm lan
Wap bezwen ale sou lyen sa epi wap ka kreye yon kont sou sistèm lan https://app.pgecom.com/signup

Une fwa ke'w finn kreye yon kont
Wap bezwen ale nan pati ki make Wallet lan
Wap chwazi youn nan mwayen sa yo
CashApp
Zelle
Debit/Credit
Binance - TRC20
MonCash
PayPal
Crypto

Une fwa ke'w finn chwazi youn nan mwayen sa yo
Wap bezwen kantite fon ke wap mete an

Epi wap klike kote di'w Pay Now an
Lè'w finn peye
Kòb lan ap moute sou kont ou




Une fwa ke kòb lan finn moute sou kont ou
Wap bezwen ale nan pati Dashboard lan
Wap chwazi youn nan livraison sa
Standard - 2 jou (gratis)
Regular - 24 hours
Express - 2 heure de tan

Lè'w fini, wap chwazi kantite kob ke wap mete sou kat lan
Epi wap klike sou bouton ki make Add Funds

Epi answit anba bouton Add Funds
Sistèm lan ap tou ba'w detay men konbyen kob ke wap peye




Si tout bagay pase byen
Wap jwenn yon notification an anba an kap fè'w konnen ke tout bagay pase byen




Konsa tou ou ka ale nan pati order an
Pou'w ka konfime ke tout bagay pase byen

Kounye an se annik tann kantite tan ke'w te pran nan livraison an






FAQs
1- Eske mwen ka rechaje'l ansanm avèk lòt platfòm Crypto tankou L-Bank?
- Yes wap senpleman voye usdt sou network trc20 an epi wap bezwen voye screenshots lan ba nou epi nap ka ede'w

2- Konbyen tan depo Paypal yo pran?
- Depo PayPal lan ta sipoze pran mwens ke 24 heure de tan. Konsa tou si'w ta renmen jwenn li pi rapid. Ou ka ekri nou epi nap ka ede'w


3- Mwen fè yon depo sou PayPal, men li gen plus ke 24 heure de tan mwen poko jwenn li non, kisa ki fè sa?
Si tout fwa ou mal fè depo PayPal lan, li ka pran tan pou'n mete kob lan sou kont ou. Se sak fè li enpòtan nan description lan pou'w mete youn nan enfo sa yo
Reference code
Non'w konplè
Email ke'w genyen sou platfòm lan
Nimewo ke'w genyen sou sistèm lan

Ou pa bezwen mete tout, sak pi enpòtan an se reference code lan. Si'w mete nenpòt lot done, li ka pran tan


4- Eske yon moun ka depoze kòb sou kat lan pou mwen?
- Yes, wap senpleman voye lyen Payme an ba yo epi yap ka peye'w. Opsyon PayPal lan ki nan Payme an pa itilize'l pou'w fè business ansanm avè'l

Updated on: 27/05/2023

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!