Articles on: P2P Trading

Fason pou'w fè exchanj Crypto

Nan aktik sa mwen pral moutre'w fason ou kapab achte Crypto direk sou sistèm lan

Wap bezwen ale sou lyen sa

https://app.pgecom.com/trading?coin=usdt&currency=usd


Chwazi pa ki tip de monè ke wap peye

Epi chèche exchanj ki pi bon pou ou an

Epi klike sou Buy


Wap mete kantite ou vle resevwa an

Epi pa ki mwayen ke wap peye

Une fwa ke'w finn fè sa yo

Wap klike sou kote ki make Next lan



Sistem lan mennen'w kote pou'w mete mètòd de payment ke'w ta renmen yo voye kob lan pou ou

Si'w te gentan mete deja, wap senpleman chwazi oswa seleksyone sa ki nan list lan

Men si'w pat deja, wap senpleman klike sou kote ki make Add Payment Method



Nan ka examp sa

Map achte usdt

Sistem lan mande'm pou'm mete address usdt mwen epi ou ka mete network lan tou

Une fwa ke'w finn mete done sa yo

Wap senpleman klike sou kote ki make Save Method



FAQs

**1- Mwen fè yon depo pa PayPal, mwen poko jwenn li, kisa pou'm fè? **

Tout echanj ki fèt ta sipoze konkli anviwon 15 a 60 minutes

Si'w pa jwenn li pandan tan sa, ou ka ouvri sa ki rele yon dispute

**2- Ki minum kòb ke mwen ka depoze pa PayPal? **

Sa pral depann de exchanj ki dispo an

Chak moun kap vann ka mete pri pa yo

**3- Eske yon moun ka voye yon kòb pou mwen pa PayPal? **

Malerezman sistèm echanj lan pa asepte Third Party

Fòk kont PayPal lan sou non sinon sistèm lan ka anpeche'w fè exchanj pandan yon kantite de tan

**4- Kisa ki Third Party an? **

Third Party an se lè se yon lòt moun kap voye kòb pou ou

Si kont PayPal lan pa sou non'w

Ebyen sa konsidere antanke Third Party

Nan ka sa, si'w itilize yon Third Party (Yon kont ki pa pou ou)

Sistèm lan ap tou mete restrictions kote ou pap ka fè pandan yon period de tan

**5- Eske gen yon frè pou depo pa PayPal? **

Konsènan frè depann de moun kap vann lan

Si frè moun kap vann lan pa bon pou ou

Eseye chèche yon lòt mwayen de echanj kap bon pou ou


**7- Mwen wè 60 minutes gentan pase, epi mwen poko jwenn kob lan, kisa ki fè? **

Nou konseye'w ekri moun kap vann lan

Si'w ekri'l epi ou pa jwenn li

Ou ka ouvri yon dispute kote sistèm escrow pgecom lan ka ede'w

Men depi ou fè echanj sou sistèm lan, ou pa bezwen enkyete'w kob ou an pap pèdi

Updated on: 05/12/2024

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!