Articles on: P2P Trading

Fason pou'w fè echanj p2p antanke achtè


Ou ka fè echanj moncash pou natCash, oswa nenpot monè ki dispo pou lot monè


Nan atik sa, nou pral moutre'w fason ou kapab fè sa antanke yon moun kap achte


Pou'w kapab fè sa, wap bezwen ale kote ki make Trade nan kont pgecom ou an


Une fwa ke'w rive la, selekesyone kote ki make P2P Trading lan epi achte sa'w vle achte an


Nan ka pa'm lan, map achte usdt epi map peye avek monCash, oswa PayPal



Sistem lan ap mande'w konbyen wap achte

Wap mete kantite usdt an oswa kantite montan ke wap peye an

Epi sistem lan ap tou di'w konbyen ke wap jwenn

Answit wap chwazi pa ki mwayen ke wap peye

Epi klike sou bouton ki make Next lan



Sistem lan ap mande'w pou'w mete fason ke wap peye an

Si'w pa jwenn mwayen ke wap peye an nan list lan

Wap senpleman klike sou bouton ki make Add Payment Method lan si'w pa jwenn sa'w bezwen an nan list lan

Le'w finn chwazi oswa method de payment an

Klike sou bouton ki make Confirm Order an



Si tout bagay pase byen

Order an ta sipoze kreye epi menne'w sou paj kote wap jwenn tout detay pou'w finalize achat an

Sistèm lan ap ba'w 15 minutes pou'w voye kob lan bay moun kap vann lan

Si'w kite 15 minutes lan depase, achat an ap tou cancel epi li ka pa kite'w fè echanj anko

Li enpotan ke'w voye kob lan nan mwens ke 15 minutes

Men ansanm de information ke'w jwenn sou paj kote'w fe achat an

  • Detail sou pwofil seller an
  • Kantite tan ki rete avan ke'w konfime ke'w voye kob lan
  • Non verifye seller an pou'w ka verifye ke se menm moun sa ke wap voye kob lan
  • Pwosesis achat sou koman etap yo ye
  • Yon bouton kote ou ka cancel order si'w te plase komand lan pa erè
  • Epi yon chat kote ou ka text ansanm avek moun kap vann lan



Le'w desann li anba

Wap jwenn enfomasyon payment moun kap vann lan pou'w move kob lan

Wap senpleman voye kob lan sou enfomasyon payment ke'w jwenn lan

Oswa ou ka ekri seller nan chat lan pou enfo adisyonel si seller an en ligne

Note byen ke'w gen 15 minutes pou'w fe payment an sinon order an ap cancel de fason otomatik

Le'w finn fè payment an, klike sou bouton ki make I have Paid lan



Le'w finn klike sou bouton ki make I have paid lan

Sistem lan ap mande'w pou'w konfime ke'w fe payment an

Wap klike sou kote ki make Yes, I have Paid


Si'w pa gentan voye kob lan nan 15 minutes

Sistem lan ap tou cancel achat an

Epi ou pap ka pale ansanm avek moun kap vann lan depi order an cancel

Li enpotan ke'w gentan voye kob lan nan mwens ke 15 minutes



Le'w finn make ke'w peye an

Sistem lan ap voye yon notifikasyon bay moun kap vann lan

Epi paj kote'w fè achat an ap update

Sistem lan ap tou update chat lan tou ke'w peye

Note byen ke seller an ka pran 15 a 30 minutes avan ke li peye'w

Si'w pa jwenn kob lan nan 30 minutes, ou ka ouvri yon dispute



Si tout fwa ou rete 10 minutes avan ke'w peye

Sistem lan ap ba'w yon notifikasyon konbyen tan ke'w rete lè'l rive nan kantite tan sa yo

  • 10 minutes
  • 5 minutes
  • 2 minutes
  • 1 minute


Li enpotan ke'w klike sou bouton ki mansyone ke'w peye an sinon sistem lan ap cancel order an



Lè'w klike ke'w peye an

Moun kap vann lan ap jwenn yon notification ke ou peye

Lap verifye ke'l resevwa payment an epi answit lap voye kob lan pou ou

Wap tou jwenn sistem achat an update kote ou ka wè nan ki etap ke'w ye

Kounye an wap senpleman tann ke moun kap vann lan voye kob lan pou ou

Le moman moun kap vann lan voye kob lan pou ou

Sistem lan ap ba'w yon notification ke moun kap vann lan voye kob lan pou ou

Wap jwenn notifikasyon sa tou nan chat lan

Si'w pa jwenn li, ou ka diskite sa ansanm avek moun kap vann lan

Si'w jwenn payment an, klike sou kote ki make Mark As Completed



Le'w finn klike ke ou jwenn payment an

Sistem lan ap mande'w pou'w konfime sa

Klike sou bouton ki make Mark as Completed


Si tout bagay pase byen

Ou ta sipoze jwenn notification ke echanj lan konplete

Depi'w wè paj achat an parèt konsa, konnen ke achat an konplete



FAQs

1- Ki garanti ke mwen genyen lè mwen achte nan men yon moun ke map jwenn kob lan?

Depi gen yon anons ki liste si platform pgecom lan

Sistem lan tou freeze ekivalan ke moun lan genyen sou balans li jiskaske exchanj lan fèt

Sa vle di si moun kap vann lan pa ba'w echanj lan, ebyen sistèm escrow pgecom lan ap ka ede'w asiste'w jwenn kob lan


2- Eske si'm pa gentan peye nan 15 minutes, eske sa ap enpakte kont mwen antanke moun kap achte?

Yes depi 15 minutes lan pase epi ou pa pase

Sistem lan ka mete yon restrictions sou kont ou an kote ou pa ka fè echanj pandan yon period de tan


3- Eske mwen ka ekri moun kap vann lan sou Whatsapp oswa lot kote?

Li enpotan ke'w kenbe tout kominikasyon direkteman nan chat lan

Paske si gen yon dispute, sistem escrow pgecom lan pap verifye mesaj ke'w te voye sou Whatsapp


4- Kisa ki escrow pgecom lan?

Sistem escrow pgecom lan, se yon sistèm ki la ki garanti ke echanj lan fèt byen

Depi sistèm escrow pgecom lan parèt nan exchanj lan, gen yon moun kap sanksyone kanmenm

Se sak fè li enpòtan ke'w kenbe tout kominikasyon nan chat lan pou lè gen dispute pou'w pa sanksyone


5- E si moun kap vann lan pa vle banm kob lan, kisa pou'm fè?

Wap senpleman peye sou bouton ki make Appeal lan

Epi sistem escrow pgecom lan ap parèt nan chat lan

Note byen, senpleman peze bouton lè'w pa jwenn sèvis lan

Paske depi sistèm escrow pgecom lan parèt, gen yon sanksyon kap pran kanmenm

Si se ou menm ki antò epi ou peze'l, sistèm lan ap sanksyone'w


Se sak nou konseye'w ede jere dosye ansanm avek moun kap vann lan nan chat lan

Si tout sa ke'w eseye, ou pa jwenn sèvis ebyen klike sou bouton Appeal lan


6- Eske moun kap vann lan verifye idantite'l?

Yes tout moun kap fè echanj sou sistèm pgecom lan

Pase etap verification sa, ni moun kap achte epi ni moun kap vann lan

  • Pyes dokiman'l verifye
  • Vizaj ki sou pyès lan verifye
  • Sistèm verifye si se yon moun ki gen yon sanksyon international


Updated on: 17/01/2025

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!