Fason pou'w lanse yon trade anons
Nan atik sa nou pral moutre'w fason ou kapab lanse yon anons kote moun kapab achte nan men'w
Pou'w kapab lanse yon anons
Wap bezwen ale nan pati ki make Trading lan
Epi klike sou kote ki make Ads lan
Le'w rive la, system lan ap mande'w pou'w kreye yon pwofil advetiser
Depi'w finn genyen kont advertiser an, wap komanse liste anons
Wap bezwen klike sou bouton ki make Create Ads lan
Le'w rive nan pati sa
Wap bezwen mete ansanm de done sa yo
- Listing Type => Tip de anons lan
- Currency for pricing => Tip de monè an
- Price per unit => Pri pa inite
- Total amount available => Kantite ke'w genyen ki disponib
- Minimu Limit => Ki pi piti ke'w vle moun lan plase'l
- Maximum Limit => Ki pi gwo ke'w vle moun lan plase
- Time to Complete Trade => Kantite tan ke'w ta renmen jwenn kòb lan
Une fwa ke'w finn mete tout done sa yo
Klike sou kote ki make Next lan
Nan pwochenn etap lan
Sistem lan pral mande'w pa ki mwayen ke wap asepte payment an
Si'w te deja genyen yon list de payment ki te anrejistre
Wap senpleman chwazi sa'w vle an
Si'w potko te genyen
Ou ka ajoute youn avek bouton ki make Add Payment Method lan
Le'w fini klike sou kote ki make Next lan
Answit sistem lan ap mande'w pou'w mete yon mesaj otomatik ke moun lan ap jwenn le'l achte nan men'w
Ou ka mete ansanm de regleman'w ke'w vle tou
Le'w fini, klike sou bouton ki make Review Ad lan pou'w ka revize tout bagay
Wap senpleman bezwen verifye ke tout bagay korek
Si tout bagay korek, klike sou kote ki make Submit Ad an
Ou ta sipoze jwenn yon ekran ki ba'w konfimasyon ke tout bagay byen fet
Kounye an, ou ka ale sou paj exchanj lan
Epi wap ka we anons ou an
Lot moun ka komanse pran nan men'w
FAQs
1- Eske mwen ka fe echanj monCash e NatCash?
Yes, wap senpleman achte pg pa monCash/natcash
Epi ou revann li pa NatCash/moncash
3- Mwen eseye fe yon anons, yo di'm pa gen fon?
Yes, pou'w fe yon anons, fok ou gen ekivalan sou kont ou
Pa examp, si'w ap vann 100 usdt. Fok ou gen $100 usd sou kont pgecom ou an
Pwosesis sa la pou rasire sekirite tout moun kap fè trade sou platfòm lan
2- Eske yo pap vole kob mwen sou li si'm achte nan men yon moun?
Nou mete tout mezi de sekirite pou pwoteje echanj ke wap fe an
Le moman ke ou achte nan men yon moun kap vann
Sistem lan tou freeze kob ke moun sa genyen sou kont pgecom jiskaske exchanj lan konplete oswa cancel
Si tout fwa yon bagay ta mal pase nan exchanj, ou ka soumet yon appeal kote sistem lan ka sanksyone moun ki antò an'
3- Eske si yon moun pa verifye idantite'l, eske li ka achte oswa pran yon echanj?
Non, nenpot moun kap vann oswa achte
Obligatwaman, fok li pase full KYC
- Verification Pyes
- Verification Vizaj ki sou pyes lan
- Verifikasyon si li sanksyone pa yon peyi
4- Eske mwen ka chat avek moun direct sou sistem lan le moun lan achte?
Yes ou ka chat ansanm avek moun lan direct le li achte nan men'w
Updated on: 17/04/2025
Thank you!