Articles on: Rewards

Kreye kat Visa Business International

Kreye kat Visa Business International ou menm lè ou te an Haiti oswa Saint Domingue

Pou'w kapab fè sa, wap bezwen genyen yon kont sou platform PGecom lan
Si'w poko genyen yon kont, ou ka kreye youn sou lyen sa
👉 https://app.pgecom.com/signup

Avan ou kreye kat Visa Business lan, fòk ou elijib pou li
Men ansanm de kritè yo
Fòk ou depanse kòm pi piti $1000 usd sou sistèm PGecom lan oswa depoze $2000 usd sou kont ou
Fòk ou depanse kòm pi piti $100 usd chak 2 mwa nan achat en ligne
Fòk ou tou pran kat fizik lan

Si tout fwa ou pa elijib, ou ka pran kat MasterCard International lan
Ou ka pran MasterCard lan sou lyen sa
👉 https://bit.ly/pg-mastercard-international

Oswa ou ka pran kat Visa Prepeye International lan sou lyen sa tou
👉 https://bit.ly/pg-visa-prepaid


Lè'w finn finalize kont lan epi verifye ke'w elijib pou li, wap bezwen ale nan pati ki make Virtual Card
Wap chwazi dènye kat Visa an ki se li menm ki kat Visa Business lan




Sistèm lan pral mande'w yon ansanm de enfòmasyon
Phone - Nimewo telf kap sou kat lan
Monthly Spending Amount - Kantite kob ke'w konte depanse pa mwa
List Places that you're going to use the card - Lis kote ke'w konte itilize kat lan
Why do you need this card? - Poukisa ou bezwen kreye kat lan

Une fwa ke'w finn antre tout ansanm de done sa yo
Wap klilke sou kote ki make Purchase Virtual Card




Answit sistèm lan ap ba'w yon rezime
Verifye ke tout done yo kòrèk
Si tout done yo korèk, klikes ou kote ki make Purchase Virtual Card




Si tout bagay pase byen, ou ta sipoze wè kat lan konekte nan Dashboard ou
Epi ou ka kòmanse rechaje'l pandan wap tann rès pwosesis lan nan men staff lan


FAQs
1- E si'm pa bezwen kat fizik, eske mwen ka elijib pou kat Visa Business lan?
Non, fòk ou tou pran kat fizik pou'w ka elijib pou kat Visa Business lan

2- E sim pa tou pran kat fizik lan, kisa kap pase?
Ou pap ka rechaje kat lan jiskaske ou pran kat fizik lan

3- E si'm te gen kat Visa Business lan deja, kisa pou'm fè?
Wap senpleman bezwen peye pou kat fizik epi wap ka kontinye itilize'l

3- Si'm pa elijib pou kat Visa Business lan, kisa mwen ka fè?
Ou ka pran kat MasterCard International lan oswa kat Visa Prepeye International lan
Visa Prepeye International - https://bit.ly/pg-visa-prepaid
MasterCard International - https://bit.ly/pg-mastercard-international

4- Eske $2000 usd depo an se kòb ke map peye pou kat lan?
Non, $2000 usd se kòb pa'w ke lap ye, wap senpleman peye $30 a $60 pou kat fizik lan
Epi rès kòb lan ap sou kont ou
Wap ka fè sa ke ou vle fè ansanm avè'l

5- Ki maximum kòb ke mwen ka depoze sou kat sa?
Pa gen yon maximum ke'w ka mete sou li. Ou ka mete kòb san limit sou li
Men minimum lan se $25 usd ke li ye

6- Eske mwen ka depanse $500 sou kat sa?
Yes, ou ka achte pou kantite ke'w vle sou kat sa

7- Konbyen kòb ke nou chaje antanke frè pou depo yo?
Nou ankouraje'w depoze kòb pa Sogebank paske ou senpleman peye yon ti frè
Men ou ka mete kòb pa nenpot fason sa yo
MonCash
PayPal
Wise
CashApp
Zelle
Etc

Ou ka gade list de frè nou sou lyen sa
👉 fees

8- E sim te gentan peye'l, epi mwen pa elijib, eske nap refund mwen?
Malerezman frè pou aplike pou kat Visa Business oswa MasterCard lan pa ranbousab
Si'w pa elijib pou Visa Business lan, nap ba ou kat MasterCard ke'w elijib pou li
Okontrè ou ka fè plus transactions plus kote ansanm avèk MasterCard lan

Ou ka gade diferans ki genyen antre kat Visa Business lan e MasterCard lan sou lyen sa
👉 https://bit.ly/pg-visa-vs-mastercard


9- Eske kat sa genyen 3D Security sou li?
Yes li genyen
Si'w ap fè yon gwo tranzaksyon sou li, epi kat lan ap mande'w 3D security an

Updated on: 27/03/2024

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!