Articles on: Rewards

Elijibilite pou kat Visa Business lan

Nan atik sa nou pral ba nou tout kritè pou'w ka elijib pou kat Visa Business lan



Si tout fwa ou pa elijib, ou ka pran kat MasterCard lan

Nap raple'w ke kat Visa Business lan fèt pou moun kap fè business epi kap depanse en ligne
Sa vle di si'w pap depanse oswa ou pap fè business, ou ka pa elijib pou kat Visa Business lan

Men lis de kritè yo
Fòk ou depanse kòm pi piti $1000 usd sou sistèm PGecom lan oswa depoze $2000 usd sou kont ou
Fòk ou depanse kòm pi piti $100 usd chak 2 mwa nan achat en ligne
Fòk ou tou pran kat fizik lan

FAQs
1- E si'm pa bezwen kat fizik, eske mwen ka elijib pou kat Visa Business lan?
Non, fòk ou tou pran kat fizik pou'w ka elijib pou kat Visa Business lan

2- E si'm te gen kat Visa Business lan deja, kisa pou'm fè?
Wap senpleman bezwen peye pou kat fizik epi wap ka kontinye itilize'l

3- Si'm pa elijib pou kat Visa Business lan, kisa mwen ka fè?
Nap ba'w kat MasterCard lan pou'w itilize jiskaske ou vinn elijib pou kat Visa Business lan
Si'w te gen kat Visa an deja, wap jwenn MasterCard lan gratis
Men si'w pat genyen kat Visa an deja, wap bezwen aplike pou li ki se $25 usd pou'w genyen kat lan

4- Eske $2000 usd depo an se kòb ke map peye pou kat lan?
Non, $2000 usd se kòb pa'w ke lap ye, wap senpleman peye $30 a $60 pou kat fizik lan
Epi rès kòb lan ap sou kont ou
Wap ka fè sa ke ou vle fè ansanm avè'l

5- Lè'm finn depanse $1000 usd, kisa pou'm fè pou'm aplike pou li an?
Ou ta sipoze tout jwenn opsyon an
Konsa tou ou ka kontakte nou epi nap ka ede'w ansanm avèl

6- Ki maximum kòb ke mwen ka depoze sou kat sa?
Pa gen yon maximum ke'w ka mete sou li. Ou ka mete kòb san limit sou li
Men minimum lan se $25 usd ke li ye

7- Eske mwen ka depanse $500 sou kat sa?
Yes, ou ka achte pou kantite ke'w vle sou kat sa

8- Konbyen kòb ke nou chaje antanke frè pou depo yo?
Nou ankouraje'w depoze kòb pa Sogebank paske ou senpleman peye yon ti frè
Men ou ka mete kòb pa nenpot fason sa yo
MonCash
PayPal
Wise
CashApp
Zelle
Etc

9- E sim te gentan peye'l, epi mwen pa elijib, eske nap refund mwen?
Malerezman frè pou aplike pou kat Visa Business oswa MasterCard lan pa ranbousab
Si'w pa elijib pou Visa Business lan, nap ba ou kat MasterCard ke'w elijib pou li
Okontrè ou ka fè plus transactions ansanm avèk MasterCard lan

Ou ka gade list de frè nou sou lyen sa
👉 fees

Updated on: 27/09/2023

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!