Articles on: Rewards

Kòman pou'w refere yon moun antanke affiliate sou sistèm lan

Nan aktik sa mwen pral moutre'w fason ou kapab refere yon moun antanke yon referans






Nou konnen ke ou renmen sistèm lan e ou anvi envite zanmi'w sou li
Alò nou mete'l yon jan kote zanmi'w lan ap kontan deske ou refere'l sistèm lan epi ou menm tou wap kontan referans lan

Lè'w envite yon moun sou sistèm lan, sistèm redwi nan kantite kòb ke'l sipoze peye pou kat lan epi ou menm tou ou jwenn yon komisyon sou kat Visa Business ke li kreye an

Avan ke'w kòmanse itilize sistèm referans lan
Gen 2 bagay ke'w dwe konplete
Kreye reference code ou an
Kontakte nou pou'n ka aktive kont referans ou pou ou

Une fwa ke'w finn fè 2 bagay sa yo, ou ka kòmanse itilize sistèm referans lan

Pou'w kapab kreye yon code referans
Wap bezwen ale nan Dashboard ou
Epi wap desann anba epi wap klike sou bouton ki make Create Reference Code




Si tout bagay pase an byen
Ou ta sipoze tou jwenn reference code lan nan Dashboard ou
Epi yon notification anba an ki konfime ke code ou an byen kreye
Fòma reference code lan ta sipoze toujou kòmanse ansanm avèk pg-





Une fwa ke'w finn jwenn reference code ou
Lè moun ke ou refere an pral kreye kat Visa Business lan
Lap bezwen ale nan pati ki make Virtual Card
Answit lap klike sou kote ki make Purchase Virtual Visa Card




Lè'l rive nan pati sa
Lap bezwen ranpli tout enfòmasyon ki parèt lan
Lè'l fini, lap bezwen desann li anba nan yon pati ki make Reference Code
Lap klike sou text ki an bleu an





Sistèm lan ta sipoze ba'l kote pou'l antre code reference ou an
Pa fwa moun lan ka mal ekri reference code
Ebyen sistèm lan ba'l yon mwayen pou'l verifye code reference code avan ke li voye'l
Lap senpleman klike sou kote ki make Verify Reference Code




Si tout bagay pase byen
Li ta sipoze jwenn minimum $2 usd aplike sou kont li pou'l ka itilize'l
Sa vle di si kat lan koute $25 uds, lap peye'l $23 usd senpleman




Konsa tou kliyan an ka ale nan order histories an
Epi lap ka wè konbyen kòb ke li peye kat lan




Menm kote ke kliyan an finn kreye kat lan
Wap jwenn yon email ki konferans ke'w jwenn komisyon an
Email lan ta sipoze parèt konsa ki mansyone email kliyan an epi answit kantite kòb ke'w resevwa antanke komisyon




Oswa ou ka ale nan pati order ki sou kont ou an
Wap jwenn order komisyon an liste nan list order ke'w genyen yo







FAQs
1- Eske si mwen te gen kredi ke nou bay lan, eske mwen ka itilize'l plus referans?
Malerezman non, swa ou itilize referans code lan oswa ou itilize kredi an men ou pa ka itilize kredi an

2- Mwen eseye mete reference code pam lan pou'm ka jwenn tou 2 benefis yo, men sa pa mache?
Ou pa ka itilize referans code lan pou'w itilize'l, yon moun ka itilize referans code yon lòt moun

3- Yon manb ke mwen referans sou sistèm lan kreye kont lan san ke li pa mete referans code, kisa pou'm fè?
Si moun lan gentan kreye kat lan san referans code lan, nou pa ka fè anyen pou ou paske kat lan gentan kreye

4- Eske mwen ka pataje referans code mwen tout kote?
Nou konseye'w pataje'l avèk moun ke'w konnen oswa moun ke wap fòme pa si'w ap fè yon fòmasyon oswa yon seminè ou ka lage reference code ou ladan'l

5- Mwen gen yon paj ki gen plus ke 100k moun kap swiv, eske nou ka ede'm ba plus avantaj?
Yes nou ka ede'w, antre an kontak ansanm avèk nou

6- Kisa pou'm fè pou nou aktive pwogram referans sou kont mwen?
Senpleman ekri nou epi nap ka fè pou ou san pwoblèm

Updated on: 29/05/2023

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!