Articles on: Rewards

Men fason pou'w kapab trade Visa ansanm avèk MasterCard lan

Nan aktik sa mwen pral moutre'w fason ou kapab trade Visa an pou MasterCard lan



Premye bagay ke wap fè
Ou prale nan pati ki make Create Virtual Card lan
Une fwa ke'w ale la
Wap bezwen antre ansanm de enfòmasyon sa yo ladan'l
Prenom
Non
Phone
Adrès
Vil
Region
Kòd Postal

Une fwa ke'w finn ranpli tout enfo sa yo
Wap senpleman peze sou bouton ki make Create Virtual Card





Apre sa sistem lan pral mande'w pou'w konfime transaction an
Wap senpleman ke tout bagay anfòm
Epi wap senpleman klike sou kote ki make Confirm lan




Si tout bagay pase byen
Li ta sipoze mennen'w nan pati konfimasyon an kap sanble konsa



Pou'w kapab verifye si tout bagay kreye
Ou ka ale nan pati ki make Dashboard lan
Epi wap jwenn kat lan dashboard lan avek konbyen tan ke sa ka pran






FAQs
1- Konbyen li pran avan mwen jwenn kat lan?
- Li ka pran 2 jou ouvrab. Sa vle di week end lan pa ladan'l

2- Eske MasterCard lan pase sou Facebook Ads oswa Google Ads
- Yes wap ka itilize'l sou Google Ads e menm achte Crypto ansanm ave'l. Ou ka jwenn yon lis de kote ke MasterCard lan pase sou lyen sa

3- Kisa ki 2 jou ouvrab lan?
- 2 ouvrab lan vle di Week End (Vandred, Samedi, Dimanch) lan pa ladan'l

4- Eske si mwen finn kreye kat lan, epi mwen chwazi pa itilize'l ankò, eske nap retounen kob lan back ba mwen?
- Malerezman depi'w finn kreye kat lan, pa gen refund lan

5- Lè'm finn genyen kat lan, konbyen tan ke li pran pou'm mete kòb sou li?
- Li pran 5 jou ouvrab avan ke ou ka mete kòb sou li

6- Poukisa li pran tout tan sa pou'm mete kòb sou MasterCard lan?
- Malerezman kantite tan ke li pran an depann de bank lan. Une fwa ke nou jwenn demand ou an, nou voye'l ba bank lan

7- A ki taux ke nou rechaje MasterCard, eske se menm taux Visa an?
- Non, pou'w kapab mete fon sou MasterCard gen yon 6% antanke frè pou'w kapab rechaje MasterCard lan

8- Ebyen nan sans sa, MasterCard lan pa enteresan menm non, eske pa gen yon lòt alternatives?
- Yes genyen, ou ka pran Gift Card Visa an pou'w pase transactions, espesyalman si'w ap achte sou Shein, Amazon, Ebay, nou ankouraje'w Gift Card Visa

9- Kisa ki Gift Card lan?
- Gift Card lan se yon kat kado ki menm jan avèk MasterCard lan ke'w ka achte yon pakèt kote sou li, ou ka gade yon lis de tout kote ke'w ka achte sou li

10- Eske nou bay Visa tou?
- Yes nap tounen ansanm avek Visa. Sa ap pran yon ti tan, men wap ka kreye ni Visa oswa MasterCard

11- Eske mwen ka kreye yon MasterCard pou yon zanmi'm?
- Malerezman non, wap senpleman fè zanmi'w lan kreye yon kont sou sistèm lan epi lap ka kreye'l.

12- Eske mwen ka voye kòb bay yon moun ki USA?
- Yes, ou ka fè sa ansanm avèk Gift Card lan, epi moun lan ap jwenn li

13- Eske gen kote ke nou wè MasterCard lan pa pase?
- Malerezman li pa pase sou Apple. Si'w bezwen pase yon kòmand sou Apple, wap bezwen yon Gift Card. Gift Card lan pase swa sou Apple

Updated on: 07/04/2023

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!