Nan atik sa nou pral fason ou kapab achte Binance sou platfòm PGecom lan
Nan atik sa mwen pral moutre'w fason ou kapab depoze kòb sou kont Binance sou platform PGecom
Wap bezwen genyen yon kont sou sistèm lan
Si'w poko genyen ou kapab ale sou lyen sa https://app.pgecom.com/signup
Epi wap ka kreye yon kont sou li
Lè'w fini, wap bezwen ale nan pati ki make Gift Card lan
Wap klike sou li
Epi answit wap klike sou kote ki make Create Gift Card

Ou ta sipoze jwenn yon bwat enfomasyon ki parèt kote wap bezwen mete ansanm de information sa yo
Gift Card Name - non kat lan, chwazi Binance
First Name - prenom moun kap voye kat lan
Last Name - non moun kap voye kat lan
Reciever Email - email moun kap resevwa kat kado
Amount - kantite kob ke wap mete sou kont binance ou
Delivery Options - (2 heure de tan, 24 heure de tan, 2 jou livrezon)
Delivery Options trè enpòtan, se li menm ki pral detèmine kantite tan ke nap pran pou'n voye Gift Card Binance ou
Ansanm de enfòmasyon sa enpòtan ke'w mete
Verifye ke email lan correct paske se sou email lan ke nou pral voye'l ba ou
Sa vle di si email lan gen erè, ou ka jwenn difikilte resevwal
Nan pati montan an oswa amount lan
Malerezman ou pa ka annik yon montan
Toujou yon list de montan ki dispo ke'w ka chwazi ladan yo
Sa ka rive tou ou pa jwenn tout montan ki nan list lan si tout fwa yo pa dispo
Oswa founisè an pa gen stock

Konsa tou si tout fwa ou pat gentan rechaje balans, ou kapab tou achte'l ansanm avèk MonCash tou
Wap senpleman desann li anba
Nou konseye'w revize detay yo pou'w ka konn exateman konbyen frè ke wap peye
Epi le'w fini
Wap senpleman klike sou bouton ki make Create Gift Card

Si tout bagay pase byen
OU ta sipoze jwenn notification an anba ki konfime ke tout bagay pase an byen
Si tout fwa ou gen yon pwoblem, ou ka ekri sèvis a la kliyantèl lan
Nap ka ede'w kreye'l san pwoblèm

Une fwa ke'w finn kreye'l
Wap jwenn yon list de tout kat kado ke'w kreye

Si tout fwa ou bezwen re-achte menm sa ke'w te acthe an
Wap seleksyone sa ke ou bezwen an
Epi wap senpleman klike kote ki make Purchase Again lan

Si tout fwa ou wè status an konplete
Epi ou poko jwenn kat kado an
Ou ka senpleman klike sou bouton ki make Resend Confirmation
Epi nan 2 minutes, sistèm lan ap voye'l ba ou
Une fwa ke'w jwenn code lan nan email ou
Wap bezwen ale sou lyen https://www.binance.com/en/gift-card pou'w ka konplete rès pwosesis yo
Wap antre code ke'w resevwa nan email ou
Epi wap klike sou bouton ki make Redeem lan

Si tout bagay pase byen
Ou ta sipoze jwenn yon ekran konsa ki parèt
Kap konfime ke ou jwenn kòb lan sou Binance ou
Une fwa ke'w jwenn ekran sa
Ou met al moute sou kont Binance ou pou'w verifye montan an

FAQS
1- Si'm achte crypto Binance lan, konbyen tan avan ke mwen jwenn li?
Sa pral depann de ki livraison opsyon ke'w te pran
Men lis de livraison yo
Standard - 2 jou
Regular - 24 heure de tan
Express - 2 heure de tan
2- Eske kob lan ap tou moute sou Binance?
Non, wap jwenn yon code nan email une fwa ke nou voye'l ba ou. Wap pran code lan epi ou prale sou lyen sa https://www.binance.com/en/gift-card pou'w mete code lan
3- Mwen depoze plus kòb sou kont Binance mwen, mwen pa jwenn opsyon sa non, kisa pou'm fè?
Ekri nou nap ka ede'w ansanm avèk sa
4- Eske si'm gen kòb sou Binance, map ka mete'l sou sistèm PGecom lan epi retire'l pa MonCash?
Yes, wap senpleman swiv atik sa
Updated on: 27/05/2023
Thank you!