Articles on: Rewards

Kòman Pou'w itilize Binance Pou'w depoze kòb sou platfòm PGecom lan

Nan atik sa mwen pral moutre'w fason ou kapab retire kòb ke'w genyen sou Binance pou'w depoze sou platfòm PGecom lan



Si'w poko gen yon kont sou platform PGecom lan
Wap bezwen kreye youn sou lyen sa
👉 https://app.pgecom.com/signup

Une fwa ke'w finn kreye kont lan
Wap bezwen ale nan pati ki make **Wallet** lan
Answit chwazi kote ki make Binance USDT - TRC20
Mete kantite kob ke wap depoze an
Epi klike sou bouton ki make Pay now




Sistem lan ta sipoze ba'w ansanm de enfòmasyon sa nan yon lot ekran
Coin
Network
USDT
QR Code

Wap bezwen coin lan ki se USDT epi network lan ki se TRC20 pou'w kapab finalize tranzaksyon an





Une fwa ke'w finn sezi sa yo
Wap bezwen moute sou aplikasyon Binance lan
Ou prale nan kote ki make Wallet
Epi wap klike sou kote ki make Withdraw






Wap bezwen seleksyone Coin lan
Coin lan se USDT TetherUS
Si'w pa jwenn li
Wap senpleman tape'l nan bar de rechèch lan




Nan pati sa wap bezwen ansanm de enfòmasyon sa yo
Kantite kob ke wap voye an
Network lan ki se TRC20
Addrès nou an ki se TKb94B9NFdEs2hgHfSKakNFbbwPqd7ocBk

Epi answit wap peze bouton ki make Preview Withdrawal an




Answit sistèm lan ap ba'w yon rezime de tranzaksyon an
Wap verifye ke tout enfo yo kòrèk
Epi wap klike sou bouton ki make Confirm Withdrawal




Answit sistèm lan Binance lan ap mande'w pou'w antre code Google Authenticator ou an
Google Authenticator se yon aplikasyon ke'w te konfigire lè'w tap set up kont Binance ou an





Binance pral voye yon email ba ou
Si tout fwa ou pa jwenn email lan
Ou ka klike sou bouton ki make Resend Email lan
Epi binance ap revoye'l pou ou





Email Binance lan ta sipoze sanble menm jan avèk email sa ke wap gade an
Pwosesis sa se yon mezi de sekirite ke Binance pran pou li pwoteje kont ou an
Wap senpleman klike sou bouton ki make Confirm Withdrawal nan email ou an





Lè'w klike sou bouton ki make Confirm Withdrawal an nan email ou an
Ou ta sipoze jwenn ekran sa ki konfime ke tout bagay pase nòmal






Kounye an ou mèt tann kelke minutes pou'w kapab jwenn konfimasyon an
Ou ta sipoze wè status an pending, wap bezwen tann li pou'l make success
Lè'l finn make success, wap bezwen klike sou li





Li ta sipoze ba'w ekran sa ki moutre tout detay yo
Wap bezwen pran yon foto ekran sa, oswa yon screenshots de ekran
Pou'w kapab voye ba nou ansanm avèk TxID an
Ou ka voye recus an ba nou nan youn nan mwayen sa yo
Facebook
Instagram
Whatsapp





Une fwa ke'w voye recus an ba nou
Depi nou konfime transactions an
Nap mete'l menm kote an pou ou, men maximum tan ke li ka pran se 24 heure de tan


Mwen espere ke atik sa te ede'w aprann fason ou ka mete kòb sou sistèm PGecom lan ansanm avèk Binance USDT Trc20

FAQs
1- Eske se sèlman Binance USDT Trc20 ke nou asepte?
Non, depi'w genyen USDT trc20 nan nenpòt platfòm lan tankou Coinbase, Lbank, etc, wap ka vye'

2- Eske gen yon frè pou'm depoze kòb ansanm avèk USDT sou sistèm?
Non, pa gen okenn frè ke'w peye, si'w voye 200 usdt, se $200 usd ke'n mete sou kont ou

Konsa tou si'w voye 5000 usdt, se $5000 usd ke'n mete sou kont ou an

3- Eske mwen ka retire'l pa MonCash si mwen vle?
Yes wap ka voye'l sou sistèm lan, epi voye'l sou MonCash san pwoblèm


4- Eske yon moun ka peye'm ansanm avèk USDT Trc20 tou menm si li pa sou sistèm lan?
Yes, ou ka voye adrès lan ba li oswa voye lyen Payme an ou ba li. Ou ka aprann plus sou fonksyonalite Payme an sou lyen sa


5- Eske si mwen bezwen gen dola an nan menm tou an Haiti, eske nou ka ede'm avèk sa?
Malerezman non, nou pa gen opsyon sa. Ou ka depoze'l sou kat lan oswa ou ka voye'l nan MonCash

Updated on: 04/06/2023

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!