Articles on: Rechaj

Depoze Kòb sou kont Wise ou


Nan atik sa mwen pral moutre'w fason ou kapab depoze kòb sou kont Wise ou ansanm avèk platform PGecom lan


Pou'w kapab depoze kòb lan sou Wise

Wap bezwen genyen yon kont sou platfòm PGecom lan


Si'w poko genyen yon kont sou PGecom

Ou ka ale sou lyen sa epi wap kapab kreye yon kont https://app.pgecom.com/signup


Lè'w finn genyen kont lan sou PGecom

Wap bezwen rechaje balans ou

Ou kapab rechaje balans ou pa youn nan mwayen sa yo

  • Mon Cash
  • Sogebank (usd | HTG)
  • PayPal
  • CashApp
  • Zelle
  • Wise
  • Crypto
  • Binance
  • Etc



Une fwa ke'w finn rechaje balans ou

Wap bezwen ale nan pati ki make Withdraw an

Wap klike sou opsyon Bank lan



Lè'w rive nan pati sa

Wap ka chwazi kiyès nan bank yo ke wap voye kòb sou li an

Ou ka chwazi nenpòt nan bank sa yo ki nan list lan

  • Payoneer
  • Mercury
  • Bank of America
  • Wise
  • Sogebank
  • Unibank
  • BUH
  • Capital Bank
  • BNC


Une fwa ke'w finn chwazi kiyes nan bank yo ke wap fè depo an

Sistem lan pral mande'w antre yon ansanm de information

  • Account Name
  • Account Number
  • Routing Number
  • Amount
  • Account Type
  • Delivery Option


Lè'w finn mete opsyon yo

Wap klike sou bouton ki make Withdraw to Wise lan



Answit sistem lan pral mande'w enfomasyon address ki atache sou bank lan

  • Street address
  • Apt, Suite, Bldg
  • City
  • Country
  • Zip Code


Une fwa ke'w finn mete yo

Wap klike sou kote ki di Withdraw to Wise lan



Sistem lan pral mennen'w nan pati rezime an

Sa vle di wap bezwen konfime ke tout bagay anfòm

Avan ke ou plase kòmand lan

Verifye ke tout done yo correct


Lè'w fini, klike sou kote ki make Withdraw to Wise



Pou'w kapab finalize transactions an

Sistèm lan pral mande'w pou'w antre PIN ou

Wap senpleman PIN PGecom ou an

Epi transactions an ap finalize



FAQs

1- Eske si'm voye yon kob sou kont Wise mwen, eske li imedya?

Malerezman non, sa pral depann nan kiyès opsyon de livraison ke'w pran yo, se sa ki pral fè kòb lan dispo nan lè sa

  • Standard - 2 jou
  • Regular - 1 jou
  • Express - 2 heure de tan


Nap raple'w ke opsyon sa yo pa kontwole Week End ladan'l paske tout bank femen nan week end


2- Konbyen kòb pou'm voye yon kòb sou Wise?

Frè pou'w voye kòb lan sou Wise se $30 usd ke li ye.


3- Poukisa frè an chè konsa?

Si'w ap voye yon kòb de Sogebank a Wise, se anviwon $50 a $65 usd ke'w peye

Paske gen yon frè Wires ke'w sipoze peye


4- Eske si'm gen kòb lan sou MonCash, mwen ka voye'l sou Wise tou?

Yes, wap senpleman bezwen rechaje balans ou ansanm avèk MonCash

Epi answit wap voye'l sou Wise


5- Eske si'm gen kòb sou PayPal, mwen ka voye'l sou Wise tou?

Yes wap senpleman rechaje balans ou ansanm avèk Paypal epi answit wap voye'l sou Wise


6- E si'm gen kob lan an gourdes oswa dola nan Sogebank, eske mwen ka voye'l sou Wise?

Yes, wap bezwen rechaje balans ou ansanm avek opsyon Sogebank lan

Epi answit wap voye'l sou Wise

Depo pa Sogebank lan ap koute'w $3.50 usd

Epi transfè sou kont Wise lan ap koute'w $30 usd

Sa vle di wap peye yon total de $33.50 usd pou'w fè sa


7- Eske gen yon minimum oswa maximum ke mwen ka voye

Mimum kòb ke'w ka voye an se $10 usd epi maximum kòb ke'w ka voye an se $50000

Updated on: 08/12/2024

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!