Articles on: Rechaj

Fason pou'w depo dola sou kont Sogebank ou avèk MonCash

Nan atik sa nou pral moutre'w fason ou kapab depoze dola sou kont Sogebank ou a travè MonCash


Pou'w kapab fè sa, wap bezwen yon kont sou platform pgecom lan

Ou ka kreye yon kont sou lyen sa https://app.pgecom.com/signup


Une fwa ke'w finn kreye yon kont

Premye pati ke wap bezwen fè se rechaje balans ou avèk MonCash

Wap bezwen ale nan pati ki make Wallet

Chwazi opsyon MonCash lan epi mete kantite kob ke wap peye an

Epi klike sou bouton ki make Pay Now an



Lè'w finn rechaje balans ou ansanm avèk MonCash epi kòb lan dispo sou kont ou

Wap bezwen ale nan pati ki make Withdraw

Wap klike sou bouton ki make Sogebank lan



Sistem lan ap mande'w yon ansanm de enfomasyon ke wap bezwen mete

  • Account Name => non ki sou kont Sogebank lan
  • **Account Number **=> Nimewo kont sogebank lan
  • Amount => kanite kob ke wap voye sou kont Sogebank lan
  • Currency => ki deviz wap voye dola oswa gourdes

* Account Type => ki tip kont lan epargnes oswa kouran

  • Delivery Option => kilè ou vle kob lan dispo sou kont Sogebank lan


Une fwa ke'w finn ranpli tout done sa yo

Wap bezwen klike sou bouton ki make Withdraw to Sogebank lan



Sistèm lan ap ba'w yon rezime de konbyen kob ke wap jwenn sou kont Sogebank ou an

Epi answit konbyen frè ke lap chaje'w

Une fwa ke'w finn revize yo

Wap klike sou bouton ki make Withdraw to Sogebank lan



Answit pou'w ka finalize transactions an

Wap bezwen antre PIN ke'w genyen sou platfòm PGecom lan

Une fwa ke'w finn antre'l

Wap klike sou kote ki make Withdraw to Sogebank lan



Si tout bagay pase byen

Ou ta sipoze jwenn yon konfimasyon ki konfime ke tranzaksyon an fèt

Epi wap jwenn kòmand lan nan list order ke'w fè sou sistèm lan



FAQs

1- Konbyen tan avan ke mwen jwenn kòb lan sou kont Sogebank mwen?

Sa pral depann de opsyon livraison ke'w pran an. Men detay yo anba an

  • Standard - 2 jou
  • Regular - 1 jou
  • Express - 2 heure de tan

Tout sa yo senpleman mache nan jou business. Sa vle di week end pa ladan'l


2- Eske gen yon minimum kòb ke'w ka dwe voye?

Minimum ke'w ka voye an se $10 usd


3- Ki kote map jwenn nimewo kont lan?

Wap bezwen moute sou Sogebanking oswa pase nan nenpòt sikisal Sogebank, wap jwenn nimewo kont lan

Ou ta sipoze genyen'l depi lè ou tap kreye kont Sogebank ou an


4- Ki maximum kòb ke mwen ka voye pa Sogebank?

Ou ka voye jiska $10000 usd ale pa Sogebank


5- Mwen gen yon kont Sogebank an dola, eske nou voye dola tou?

Yes nou depoze ni gourdes ni dola sou kont Sogebank lan

Senpleman chwazi currency an lè'w ap fè demand lan


6- Mwen fè erè nan nimewo kont lan, kisa pou'm fè?

Nou konseye'w antre an kontak ansanm avek nou le plus tot ke posib

Depi demand gentan voye bay Sogebank, pa gen anyen ke nou ka fè pou ou

Se sak fè li enpòtan pou'w verifye nimewo kont avan ke ou voye demand lan


7- Eske retrè Bank lan otomatik?

Non, men ou ka pran opsyon Express kote ou ka jwenn li nan mwens ke 2 heure de tan

Updated on: 08/12/2024

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!