Articles on: Rewards

Ki diferans antre kat PyyPL an epi kat Visa Business PGecom lan

Nan atik sa nou pral moutre'w kèk diferans ki genyen antre kat PyyPL an epi kat Visa Business lan



1- PyyPL
Kat MasterCard Pyypl lan, ou pa ka rechaje'l avèk MonCash ki vinn limite rechaj pou yon pakèt Haitien. Fòk ou al achte Crypto pou'w kapab fè sa, ou pral nan achte Crypto monè pou yon pakèt kòb pou'w kapab rechaje'l

1- PGecom
Kat Visa Business PGecom lan, ou ka rechaje'l avèk MonCash. Sa vle di ou pa nan bezwen al nan achte Crypto pou'w fè sa. Konsa tou ou ka rechaje kat Visa Business PGecom lan ansanm avèk Crypto monè tou


2- PyyPL
Fanmi'w oswa zanmi'w pa ka depoze kòb sou kat sa pou ou. Sa vle di si yon moun bezwen depoze kòb pou ou, fòk li voye Crypto ba ou oswa li al kreye yon kont sou platfòm PyyPL lan pou'l ka depoze kòb pou ou

2- PGecom
Kat Visa Business PGecom lan, zanmi'w oswa fanmi'w ka depoze kòb sou kat lan pou ou san ke yo pa bezwen sou sistèm lan. Ou senpleman voye lyen Payme an ba yo epi yap ka fè sa. Yo ka depoze kòb pa nenpòt nan option sa yo
CashApp
Zelle
PayPal
Crypto
Binance
MonCash
Etc


3- PyyPL
Kat MasterCard PyyPL lan ou pa ka jwenn li fizik. Ou senpleman gen opsyon virtual lan. Si'w bezwen pase yon achat nan yon makèt fizik, ou ka gen difikilte pou'w fè

3- PGecom
Kat Visa Business PGecom lan, ou ka kòmande'l fizik, konsa tou ou ka konekte'l sou Apple oswa Google Pay epi wap ka achte ansanm avè'l


4- PyyPL
Kat MasterCard PyyPL an ou ka voye kòb bay nan Western Union, Remitly, oswa nan nenpòt biwo transfè ansanm avè'l. Ou ka menm achte Crypto ansanm avèl

4- PGecom
Kat Visa Business PGecom lan ou pa ka voye kòb nan Western Union, Remitly, oswa nenpòt tip de transfè kòb. Ou pa ka achte Crypto tou paske se yon kat Business ke li ye. Ou ka regle transactions ki gen rapò avèk Business tankou, peye Facebook Ads, Google Ads, TikTok Ads, Shein, Alibaba, AliExpress, Achte Code Telf, Peye sèvis, etc


5- PyyPL
Ou ka pa fè retrè pa MonCash ansanm avèk kat PyyPL an. Sa vle di si'w gen yon ijans, lap difisil pou'w retire kòb ke'w genyen sou PyyPL an pou'l voye'l sou MonCash

5- PGecom
Kat Visa Business PGecom lan, ou ka retire kantite ou vle pou'w voye sou MonCash. Lap depoze dirèk sou kont MonCash ou



An rezime chak kat yo gen avantaj pa yo men kat Visa Business lan ba'w plus flexibilite paske fanmi'w oswa zanmi'w ka rechaje'l pou ou epi ou gen plus opsyon de rechaj. Answit ou ka fè retrè pa MonCash epi ou ka rechaje'l ansanm avèk MonCash. Si tout fwa ou vle kat fizik lan, ou ka jwenn fizik tou

Updated on: 28/05/2023

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!