Articles on: Rewards

Ki diferans ki genyen antre Visa Business lan vs kat MasterCard lan

Nan atik sa nou pral pataje ansanm avèk diferans ki genyen antre Visa Business e MasterCard lan



1- Visa Business
Ou ka konekte kat Visa Business la ansanm avèk Apple Pay

1- MasterCard
Ou pa ka konekte kat MasterCard lan ansanm avèk Apple Pay men ou ka konekte'l ansanm avè'l Google Pay san pwoblèm


2- Visa Business
Kat Visa Business lan gen yon aplikasyon mobile pou iOS epi pou Android. Ou senpleman wè enfòmasyon kat Visa Business lan sou aplikasyon mobile lan

2- MasterCard
Kat MasterCard lan pa gen aplikasyon mobile men ou ka wè list de transactions yo sou platfòm PGecom lan


3- Visa Business
Kat Visa Business gen 4 opsyon lè wap rechaje'l epi frè yo pi ba ke kat MasterCard lan
Standard - 2 jou ouvrab
Regular - 1 jou ouvrab
Express - 2 heure de tan
Urgent - 15 minutes


3- MasterCard
Kat MasterCard lan pa gen youn nan opsyon sa yo
Se yon sèl opsyon ke li genyen
Epi rechaj MasterCard lan ka pran 2 heure de jiska 24 heure de tan avan ke ou jwenn


4- Visa Business
Kat Visa Business lan gen kat fizik. Ou ka pran kat fizik lan pou'w achte nan market oswa manje nan restaurant, etc

4- MasterCard
Kat MasterCard lan pa gen kat fizik. Se senpleman opsyon virtuel lan ke yo genyen


5- Visa Business
Ou pa ka achte Crypto, retire kòb nan ATM oswa voye kòb nan biwo transfè (Western Union, Sendwave, etc) ansanm avèk kat Visa Business lan
Ou ka gade yon list de kote ke kat Visa Business lan pase sou lyen sa
👉 list tranzaksyon


5- MasterCard
Ou ka achte Crypto monè ansanm avèk kat Mastercard lan epi ou ka voye kòb nan nenpòt biwo transfè an san pwoblèm
Ou ka gade yon list de kote kat MasterCard lan
Sou lyen sa
👉 list tranzaksyon


6- Visa Business
Ou ka depoze nenpot kantite kob ke'w vle sou kat Visa Business lan epi ou ka achte pou nenpot kantite de kob ke'w vle sou kat Visa Business lan


6- MasterCard
Gen yon limit sou kantite depo ke'w ka mete sou li. Ou ka depanse jiska $5000 usd pa jou sou kat MasterCard lan


7- Visa Business
Minimum kòb ke'w ka depoze sou kat Visa Business lan se $25 usd


7- MasterCard
Minimum kòb ke'w ka depoze sou kat MasterCard lan se $10 usd


8- Visa Business
Li pa fasil pou'w genyen kat Visa Business lan men frè depo an pi avantaj pou ou, ou ka gade ansanm de lis de kritè yo sou lyen sa
👉 list de kritè

8- MasterCard
Li fasil pou'w jwenn MasterCard lan men fre

Updated on: 27/09/2023

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!