Articles on: Rewards

Fason pou'w depoze kòb ansanm avek Sogebank sou platfòm PGecom lan

Nan atik sa mwen pral moutre'w fason ou ka pran kòb nan sogebank pou'w depoze sou platfòm PGecom lan



Wap bezwen login sou plafòm PGecom lan
Si'w poko gen yon kont deja
Ou ka ale sou lyen https://app.pgecom.com/signup

Une fwa ke'w finn moute
Wap bezwen ale nan pati ki make Wallet lan
Answit wap chwazi opsyon Sogebank lan
Wap bezwen mete konbyen dola ke'w vle
Epi sistèm lan ap ba'w konbyen gourdes sa ap koute'w
Lè'w finn verifye
Klike sou bouton ki make Pay now an


Nap raple'w ke kont Sogebank nou an se gourdes ke li ye. Malerezman nou poko gen kont dola nan Sogebank




Une fwa ke'w finn klike sou li
Sistèm lan ta sipoze ba'w information Sogebank nou an pou'w kapab fè depo
Li enpòtan ke kont Sogebank ou an gen menm lyen ki sou platform lan
Une fwa ke ou finn jwenn enfo yo
Wap bezwen ale sou aplikasyon Sogebanking lan epi finalize rès pwosesis yo


Updated on: 15/06/2023

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!