Articles on: Account

Fason pou'w set up Google Authenticator - 2 Factor Authentication

Nan aktik sa nou pral moutre'w fason ou kapab konfigire Google Authenticator sou kont


2 Factor Authentication se yon mezi de sekirite ki pwoteje kont ou kont moun ki arive kont mot de pass ou

Si tout fwa yon moun ta konn Password ou, ou pa bezwen enkyete'w paske 2 factor authentication an ap pwoteje'w kont pirat


Premye bagay ke wap bezwen fè

Wap bezwen ale kote ki make Settings lan

Answit wap klike sou kote ki make Advanced lan

Nan seleksyon an

Wap pran opsyon ki make TOTP an

Epi answit wap klike sou bouton ki make Submit lan


Si tout fwa li ta ba'w yon erè

Wap senpleman klike sou text anba an ki make Click here an

Epi wap kapab konfigire'l



Lè'w finn klike sou kote ki make Click here an

Sistèm lan ta sipoze tou jenere yon imaj ba ou

Wap senpleman scan imaj sa ansanm avèk Google Authenticator

Si'w poko gen Google Authenticator

Wap bezwen download li nan Apple Store an oswa nan Google Play Store an



Lè'w finn download li

Wap bezwen moute sou li

Epi wap klile sou bouton plus lan



Ou ta sipoze wè yon bouton ki rele Scan a QR Code

Wap bezwen klike sou bouton sa



Answit wap byen pozisyone kamera

Pou'w ka pran foto imaj lan



Le'w finn scann li

Google Authenticator ap ba'w yon code

Wap bezwen code sa pou'w ka mete code lan nan app lan



Si tout bagay ale byen

Li ta sipoze menne'w nan Dashboard lan


Kounye an chak lè ke wap login sou sistèm lan

Wap senpleman antre ansanm de information sa yo

  • Email
  • Password

Epi wap klike sou bouton ki make Submit



Lè'w fini

Sistem lan ap tou mande'w code Google Authenticator an

Ou prale sou app Google Authenticator an

Epi wap mete code lan pou'w kapab login sou li


Updated on: 08/12/2024

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!