Rechaje Balans avèk Mon Cash
Nan aktik sa mwen pral moutre'w fason ou kapab rechaje ansanm avèk Mon Cash
Wap bezwen ale nan dashboard lan
Epi wap bezwen klike sou kote ki make Recharge with Mon Cash

Le'w rive nan pati sa
Wap senpleman chwazi option Mon Cash lan
Epi wap mete kantite dola ke'w vle resevwa an
Epi klike sou Pay Now

Une fwa ke'w finn klike la
Sistèm lan ap tou fè kalkil konbyen taux du jou Visa an
Epi answit frè rechaj lan pou'l ba'w kantite montan an ap ye an gourdes
Wap senpleman klike sou Agree si'w vle kontinye avek rechaj lan

Le'w finn asepte avek rechaj lan
Lap mennne'w nan interface Mon Cash lan
Kote wap mete nimewo telf ou avèk PIN mon cash ou
Epi answit Mon Cash ap voye yon OTP (Code verification)
Pou'w kapab konplete transaction an

Si tout bagay pase an byen
Ou ta sipoze wè montan an sou balans ou san pwoblèm
Yayyy felisitasyon
Ou apenn aprann fason ou kapab rechaje balans ou avek Mon Cash
Updated on: 11/10/2022
Thank you!