Articles on: Rewards

Rechaje kont pgecom ou avèk monCash manuel

Nan atik sa mwen pral moutre'w fason ou kapab rechaje kont ou pa monCash manuel

Si'w itilize opsyon sa, ou pap peye okenn frè, ni MonCash oswa ni platfòm pgecom lan pap chaje'w frè

Premyeman wap bezwen download aplikasyon MonCash lan si'w poko genyen'l
iOS
Android

Une fwa ke'w finn download li
Wap bezwen moute sou li epi login sou kont ou
Wap bezwen chaje pati ki make Merchant Payment lan



Sistèm lan ap mande'w pou'w scan QR Code merchant an
Oswa fè'l manuel
Wap pran opsyon manuel lan pou'w ka mete nimewo merchant an



Answit yo pral mande'w mete nimewo Merchant an
Wap bezwen mete merchant an ki se 3474 8112
Epi wap mete kantite kob ke wap mete an
Apre wap klike sou bouton ki make Next lan





Aprè wap antre PIN MonCash ou
Ki se 4 chif PIN ke'w genyen sou MonCash
Epi wap klike sou Verify PIN



Si tout bagay pase byen
Ou ta sipoze jwenn yon konfimasyon de MonCash
Wap bezwen fè screenshot oswa capture ekran de screenshot pou'w kapab voye'l ba nou
Se screenshot ke nap bezwen pou'n ka depoze'l pou ou




FAQs
1- Eske gen yon limit de kantite ke mwen ka depoze avek opsyon sa?
Non pa gen limit
Ou ka nenpot kantite ke'w vle

2- Eske gen yon limit pa mwa sou kont sa?
Non, pa gen limit pa mwa sou kont sa. Depiw bezwen itilize'l, ou ka depoze sou li

3- E si mwen pa gen app lan, eske mwen pa ka fè'l manuel?
Si'w fe'l manuel, sistèm lan ap chaje'w frè
Li enpotan ke'w itilize aplikasyon monCash pou'w pa peye frè

4- Konbyen tan ke li ka pran avan ke mwen jwenn li sou kont mwen?
Une fwa ke'w voye recus an ba nou. Li ka sou kont ou an nan kelke minutes
Konsa tou li ka pran kelke heure de tan
Si'l fè 24 heure de tan ke'w pa jwenn li. Ekri nou back.

Updated on: 23/06/2024

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!