Tranzaksyon Limit
Nan atik sa nou pral pale de tranzaksyon limit sou kont pgecom ou an
Pou'w kapab wè ki limit ke'w genyen pandan jounen an
Wap bezwen ale nan pati settings lan
Epi wap klike sou kote ki make limit lan
Wap ka wè limit ke'w genyen sou tranzaksyon ke'w wap fè sou platfòm pgecom lan
Men ansanm de limit ki genyen
- Daily => pa jou
- Weekly => pa semènn
- Monthly => pa mwa
- Yearly => Pa ane
Limit sa yo aplike lè'w ap fè ansanm de tranzaksyon sa yo
- Retrè pa MonCash, NatCash, Sogebank, Western Union, Unibank, BUH, etc
- Depo sou kat Visa/MasterCard
Si tout fwa ou bezwen pou'w kapab elaji kont lan
Wap bezwen ale nan pati settings lan
Epi wap jwenn yon bouton ki make Request Increase
Wap klike sou li
FAQs
1- Platfòm lan tap byen fonksyone, poukisa nou mete koze limit sa menm?
Limit sa pou pwoteje sistèm lan kont blanchisman lajan
2- Eske nou ka ogmante limit lan pou mwen?
Yes, wap bezwen soumèt document business ou an epi nap ka elaji kont ou an pou ou
3- Ki tip de dokiman pou'w bay pou yo ka ogmante limit lan pou mwen?
Ou kapab upload ansanm de document sa yo
- Bank Statements (Sogebank, BUH, Unibank, Bank Reservas, Etc)
- Business Invoice (Nenpòt payment ke'w abitye peye founisè)
- Payroll
- Anrejistreman business lan
- Oswa yon foto lokal business ou an
4- Mwen wè kont mwen an te gen yon limit, mwen wè'l reset, kisa ki ka kòz sa?
Si sistèm lan remake ke ou pa janm fè depo sou kont ou
Li ka reset limit ou an nan ide pou pwoteje kont ou an
5- Koman mwen ka regenyen menm limit ke mwen te genyen an?
Wap senpleman kontinye fè depo sou kont ou an
Note byen ke li ka pran yon ti tan pou'l update limit ke'w te genyen an
Updated on: 03/08/2025
Thank you!