Articles on: Account

Tranzaksyon Limit

Nan atik sa nou pral pale de tranzaksyon limit sou kont pgecom ou an


Pou'w kapab wè ki limit ke'w genyen pandan jounen an

Wap bezwen ale nan pati settings lan

Epi wap klike sou kote ki make limit lan



Wap ka wè limit ke'w genyen sou tranzaksyon ke'w wap fè sou platfòm pgecom lan

Men ansanm de limit ki genyen

  • Daily => pa jou
  • Weekly => pa semènn
  • Monthly => pa mwa
  • Yearly => Pa ane


Limit sa yo aplike lè'w ap fè ansanm de tranzaksyon sa yo

  • Retrè pa MonCash, NatCash, Sogebank, Western Union, Unibank, BUH, etc
  • Depo sou kat Visa/MasterCard



Note byen ke ou ka fè depo san limit sou kont ou, epi ou kapab mande pou nou elaji limit sou kont ou an byen fasil, epi ou ka mande pou'w elaji limit sou kont ou an


Si tout fwa ou bezwen pou'w kapab elaji kont lan

Wap bezwen ale nan pati settings lan

Epi wap jwenn yon bouton ki make Request Increase

Wap klike sou li



Epi wap bezwen ranpli ansanm de done sa yo

  • Transaction Limit - nou montan ke'w bezwen nou elaji'l lan
  • Email - email ke'w genyen sou platfòm pgecom lan
  • Phone - nimewo telf ke nou ka kontakte'w si nou gen kesyon
  • Reason for Limit Increase - rezon ke'w bezwen limit lan
  • Support Documents - Dokiman ke'w kapab bay


Konsènan tip de dokiman ke'w ka upload, ou ka upload bank statement, oswa invoice yon founisè ke'w abitye peye




FAQs

1- Platfòm lan tap byen fonksyone, poukisa nou mete koze limit sa menm?

Limit sa pou pwoteje sistèm lan kont blanchisman lajan


2- Eske nou ka ogmante limit lan pou mwen?

Yes, wap senpleman swiv etap sa yo

Ale nan pati settings lan klike sou kote ki make Limit

Epi peze bouton ki make Request Increase epi ranpli fom lan


3- Ki tip de dokiman pou'w bay pou yo ka ogmante limit lan pou mwen?

Ou kapab upload ansanm de document sa yo

  • Bank Statements (Sogebank, BUH, Unibank, Bank Reservas, Etc)
  • Business Invoice (Nenpòt payment ke'w abitye peye founisè)
  • Payroll
  • Oswa yon foto lokal business ou an







Updated on: 11/03/2025

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!